1ye Desanm 2025

 
Facebook  Instagram  X  YouTube

Pran Plezi W Ak Chante Sezon Fen Ane 2025 La

 

Prepare w pou w santi kontantman sezon fèt la! Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la kontan anpil pou l bay yon kado espektakilè jis pou ou, ki se yon lòt edisyon Chante Sezon an. Sa a se tikè premye ranje w pou w gade talan enkwayab elèv nou yo pandan y ap mete gete nan sezon fèt yo ak pèfòmans mayifik.

 

Konekte chak jou sou Rezo Edikasyon an (Xfinity Kanal 234 ak AT&T U-verse Kanal 99) a 8 a.m., 12 p.m., ak 8 p.m. Ou kapab gade l nenpòt lè sou kanal Youtube Distri a. Pa rate anyen, se mizik pafè pou selebrasyon sezon fèt la.

Travay Atistik Yon Elèv Pral Ekspoze

Nan Palè Eta Florid La

Isabella Gonzalez, yon elèv setyèm ane nan Lekòl Mwayen Omni, genyen konkou Atizay Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la Pou Palè Eta Florid la, avèk yon travay atistik ki rele Starry Flower (Flè Zetwal).

 

Ane sa a, genyen 16 elèv ki te soumèt travay atistitik yo soti nan lekòl mwayen nan Distri a, epi travay atistik kolore Isabella la te pi remakab.

 

Reyalizasyon li mete aksan sou talan eksepsyonèl ak pasyon elèv ak edikatè Distri a.

Ashton Hinds Se Gayan Inisyativ Pwofesè Pou Semèn Nan

Ashton Hinds se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Elemantè S. D. Spady. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a.

 

Li resevwa yon chèk $500 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li ak devouman li nan travay li. 

 

Klike la a pou gade videyo a.

Prezantasyon Espesyal: Lekòl Elemantè Lake Park

Yo angaje anpil nan siksè elèv. Kanpis la se youn nan sèlman twa lekòl nan Distri a ki ofri yon pwogram nan lang Kreyòl Ayisyen.

 

Rankontre elèv ak anplwaye Lekòl Elemantè Lake Park yo....

 

• Klas: K-5

• Maskòt: Lyon

• Koulè: Ble ak Lò

 

410 3rd St., Lake Park, FL 33403

561-494-1300

PA BLIYE

VANDREDI 5 DESANM SE DAT LIMIT POU APLIKE

POU PWOGRAM CHWA KI MANDE ODISYON YO.

ďťż

Pou aplike pou yon pwogram chwa vizite www.mypbchoiceapp.com