FWA KOLÈJ AK KARYÈ
SONJE Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ap òganize Fwa Kolèj ak Karyè mèkredi 28 septanm 2022 soti 5:00 pou 8:00 PM nan South Florida Fairgrounds nan West Palm Beach. Ap genyen reprezantan anpil kolèj, inivèsite, lekòl komès ak fòs ame ki ap vin pataje enfòmasyon. Ap gen sesyon FAFSA, ki se Aplikasyon Gratis pou Èd Federal pou Elèv pou ede fanmi yo konprann pwosesis pou aplike pou resevwa èd finansye pou kolèj.