2 Oktòb 2023
Jounen Konstitisyon An Enspire Elèv Yo Pou Yo Pouswiv Karyè Nan Lalwa Ak Jistis Kriminèl

Elèv nan Akademi Jistis Kriminèl, Pre-Lwa nan distri a te aprann anpil sou sistèm jidisyè a e menm te rive teste konpetans yo nan similasyon yon jijman nan Jou Konstitisyon an. Eksperyans inik sa a te òganize nan lokal distri a vandredi 22 septanm kote elèv ki soti toupatou nan distri a te reyini ansanm pou teste konesans ak konpetans yo.

Yo envite elèv yo ak fanmi yo pou yo aprann plis sou chwa ak opòtinite karyè nan distri a nan Ekspozisyon Lekòl yo ki ap fèt madi 17 oktòb a 4 p.m. pou rive 8 p.m., nan South Florida Fairgrounds Expo Center.


“ENFÒME W” Ap Resevwa Kòm Envite Frantz Théus Ki Ap Bay Enfòmasyon Sou Pwogram Chwa Yo
Gade Kijan De Jwè Foutbòl Nan Lekòl Segondè Sa Yo
Ap Leve Defi
Ekip foutbòl nan Lekòl Segondè John I. Leonard nan Greenacres pwouve jwèt enkwayab sa a tradui nan nenpòt lang. Steven Matos ak Tyrell Barr kominike sèlman atravè Langaj Siy Ameriken (ASL) paske tou de elèv-atlèt sa yo soud. Avèk asistans epi pratik ak jwèt nan men entèprèt yo, Kate Robertson, de jèn gason sa yo pwouve tout bagay posib.

Remèsye Yon Pwofesè Kòm Pwofesè Semèn Nan
Yanira Lopez se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Elemantè Berkshire. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a. Li resevwa yon chèk $250 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif pou ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li.

Lekòl Elemantè Lake Park Gen 100 Ane

Lekòl Elemantè Lake Park ap edike elèv depi 100 ane. Elèv yo ap jwi de nouvo aspè lekòl la ane sa a: twazyèm pwogram lang kreyòl ayisyen distri a ak yon envestisman $75.000 nan yon nouvo pwogram fanfa. Mèkredi 27 septanm, Lekòl Elemantè Lake Park onore gwo etap enpòtan sa a ak yon selebrasyon santyèm anivèsè. Evènman an te prezante yon kapsil tan ki gen atik soti 1923 ak 1986 ki te ekspoze, ki gen ladan pyès lajan 1917 ak 1923, ak lòt atik peryòd sa yo.

Sipèentandan Burke te kòmanse selebrasyon an ak elèv aktyèl ak ansyen yo, pwofesè ak manm estaf yo, Majistra Lake Park Roger Michaud, Direktè Lekòl Elemantè Lake Park, Dr Carlos Castro, Manm Komite Direksyon Distri a pou Distri 1 Barbara McQuinn, ak Manm Komisyon Direksyon Distri a pou Distri 2 Alexandria Ayala.

Vwayaj Otobis Mwa Eritaj Panyòl La Ofri Kominote A
Yon Koudèy Sou Edikasyon Miltikiltirèl
Lekòl Segondè Okeeheelee se premye Akademi Entènasyonal Panyòl Distri a, epi Lekòl Segondè Dr. Joaquín García se premye lekòl segondè Distri a ki te pran non yon lidè kominote Panyòl. Toude lekòl yo te akeyi manm kominote yo pou yon toune espesyal nan otobis Mwa Eritaj Panyòl Vandredi 15 septanm nan. Lekòl yo te montre pwogram de lang, klib kiltirèl ak aktivite sou lakou lekòl yo, ki gen ladan pèfòmans amizan elèv yo.

Goteach 2023 Bay Plis Pase $190.000 Finansman
Pou Pwojè Klas
Prèske 100 pwofesè distri a resevwa sibvansyon pou klas yo gras ak jenewozite Fondasyon Edikasyon nan Palm Beach County ak patenarya ak kominote biznis, moun nan gwoup filantwopik, ak lòt òganizasyon. Y ap bay yon total $191.507 finansman pou 82 sibvansyon nan 61 lekòl.

Sibvansyon yo ankouraje edikatè yo kreye opòtinite edikasyonèl inovatè ak enteresan pou elèv yo. Yo ap konsantre sou domèn priyorite sa yo: alfabetizasyon, edikasyon karyè, alfabetizasyon finansye, STEM (Syans, Teknoloji, Jeni, ak Matematik), ogmante pousantaj gradyasyon, ak sipò pou elèv pèfòmans ba yo.

Pwofesè Distri A Pataje Eksperyans Li Nan Etazini Apati Yon Pasyon Pou Liv Harry Potter

Jose Cardona ap antre nan sizyèm ane li kòm pwofesè nan Lekòl Elemantè Clifford O. Taylor/Kirklane nan Palm Springs. Se youn nan lekòl bileng distri a kote yo anseye elèv yo nan diferan lang. Kounye a, Mesye Cardona, ki te fèt nan lwès Ondiras, ap itilize eksperyans li pou anseye elèv yo pou yo pa janm abandone. A 14 an, mesye Cardona te jwenn kado premye liv Harry Potter li. Pou l li liv la li te itilize yon diksyonè pou tradui chak mo.

"Se pandan m t ap li liv sa a mwen te reflechi sou lavi m ap viv jodi a," Cardona di CBS12 News. "Mwen deside mwen vle vin yon pwofesè. Mwen deside mwen vle oryante tèt mwen. Mwen deside mwen pral aprann angle nan peyi Etazini.”

Apre li fin resevwa kat vèt li a, Misye Cardona te pwofite tout opòtinite ki te vin jwenn li. Li te travay tout lajounen epi li te ale nan klas Edikasyon Adilt Distri nan Lekòl Segondè Boca Raton nan pwogram aswè yo. Li vin gradye nan Florida Atlantic University epi apre li al nan klas pou anseye.