Gen Yon NOUVO Pwogram Apre Lekòl Ki Ofri Repa Gratis Ak Opòtinite Anrichisman Pou Elèv Distri Yo.
Distri a ap kontinye ofri plis opòtinite pou chanje lavi elèv nan kominote a. Mwa sa a, Boys & Girls Clubs nan Palm Beach County ouvri twa nouvo lokal: Lekòl Mwayen Conniston nan West Palm Beach, Lekòl Elemantè Jupiter, ak Lekòl Segondè Pahokee.
Jaene Miranda, Direktè Jeneral Boys & Girls Clubs nan Palm Beach County deklare, “Klib Boys & Girls yo konsantre sou zòn povrete yo, ki se katye ki defavorize ekonomikman yo. Miranda di nouvo lokal klib yo suiv deviz òganizasyon an pou ale kote yo pi bezwen yo. Yo te chwazi lekòl yo yon fason estratejik epi yo te fèt pou ede elèv ki gen difikilte.
Nouvo lokal klib yo, ki te posib gras ak yon sibvansyon Depatman Edikasyon Florid la, gen ladan tou yon pwogram ete tout jounen an. Pri a se $30 pa ane pou patisipe. Kontakte lekòl pitit ou a si w enterese enskri.