5 Fevriye 2024
Distri A Ap Selebre Ogmantasyon Pousantaj Gradyasyon Pou Ane 2023 A
Distri A Onore Anplwaye Eksepsyonèl Yo

Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la, ansanm ak Fondasyon Edikasyon Rejyon Palm Beach la, onore Direktè, Asistan Direktè, Pwofesè, ak Anplwaye sipò lekòl pou ane 2024 la pandan twazyèm seremoni anyèl Onore Anplwaye Eksepsyonèl yo.

Felisitasyon pou gayan ane sa a:
🌟 Direktè pou Ane a – Scott McNichols, Lekòl Elemantè Forest Hill
🌟 Asistan Direktris pou Ane a – Jamie Evans, Lekòl Elemantè Glade View
🌟 Pwofesè pou ane a – Katie Judge, Palm Beach Public
🌟 Anplwaye sipò lekòl pou ane a – Doris Cabrera-Jerez, Lekòl Elemantè Wellington

Yo te anonse gayan lekòl yo pandan yon seremoni nan Boynton Beach Arts & Cultural Center. Gayan yo pral reprezante Distri a nan konpetisyon nan nivo Eta a pou prim Depatman Edikasyon Eta Florid la.

Remèsye Yon Pwofesè Kòm Pwofesè Semèn Nan
Lisa Ogden se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Mwayen Boca Raton. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a. Li resevwa yon chèk $250 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif pou ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li.

Prezantasyon Nouvo Lekòl Distri A
Jedi premye fevriye, Distri a te òganize yon seremoni dedikasyon an onè Lekòl Mwayen West Boynton. Evènman espesyal la te gen ladan l pèfòmans elèv ak prezantasyon sou teknoloji lekòl la, E-Sport, ak kou desen grafik. Lidè kominotè, ak elèv nan distri a te pale sou anpil karakteristik inik lekòl la epi yo te fè elòj lokal la.

Elèv Kòmanse Ap Panse Ak Karyè Yo Alavni Gras
Ak Claim Your Future
Pandan Ekspozisyon Komite Direksyon Biznis Claim Your Future, elèv yo te rankontre ak reprezantan plis pase 50 òganizasyon ak konpayi lokal pou yo aprann gwo opòtinite ki disponib pou yo.

Objektif evènman an se prezante bay elèv yo lidè endistri yo ki disponib pou ede yo prepare pou siksè apre gradyasyon. Patenarya sa a ant kominote a ak Distri a ede fòme bon kalite pwogram karyè ak chwa ki ofri nan distri a, ki se yon envestisman nan mendèv pou rejyon an alavni.

Maraton Pou Ede Elèv Ki Nan Nesesite
Take Stock in Children Rejyon Palm Beach ap òganize maraton anyèl "Bridge the Gap 5K" samdi 17 fevriye soti sou pon Blue Heron nan Singer Island. Benefis evènman sa a ap benefisye òganizasyon benevòl lokal yo, Take Stock in Children Palm Beach County, epi li ap bay bousdetid, konseye gid, ak asistans pou elèv nan fwaye revni fèb yo. Ansanm, nou kapab kraze lamizè apati edikasyon.

Imaginecare Montre Sipò Pou Lekòl Elemantè Lincoln
Yon patnè jenere nan kominote a montre sipò l bay Lekòl Elemantè Lincoln pou elèv ak anplwaye yo pandan tout ane a. Mèsi ImagineCare, yon asosyasyon ant Spark Pediatrics ak CareSource, pou founiti lekòl, rad, don, kat kado, ak sa ki pi enpòtan ankò ki se mesaj ankourajman yo.