13 Avril 2026

 
Facebook  Instagram  X  YouTube
Image of children sitting in a cafeteria

Pa Bliye! Enskripsyon Pou Pwogram Aprè Lekòl Ouvè

JODI A, 13 Avril Pou Ane Lekòl 2026-2027 La

 

Pou ane lekòl 2026-2027 ki ap vini an, enskripsyon pou pwogram aprè lekòl nan Distri a pou elèv ki ap rantre nan jadendanfan ak elèv nan klas rive jiska 5yèm kòmanse jodi a, lendi 13 avril a 6 p.m.

 

Paran yo kapab enskri pou yon pwogram aprè lekòl lè yo vizite pòtal enskripsyon sou entènèt la, Eleyo, pou soumèt yon demann kontra enskripsyon pwogram aprè lekòl. Yo kapab mande enskripsyon pou tout nivo klas yo.

 

Aprann plis sou enskripsyon pwogram aprè lekòl.

Akèy Pwomosyon 2039 La Pandan Reyinyon Enfòmasyon Pou Nouvo Elèv Jadendanfan Yo

Direktris Lekòl nan mitan kat elèv

Nou te pase yon bon moman semèn pase a ap rankontre nouvo elèv jadendanfan yo pandan Reyinyon Enfòmasyon Pou Jadendanfan yo.

 

Direktè ak direktris lekòl yo te òganize reyinyon sa yo pou fasilite enskripsyon nouvo elèv jadendanfan yo epi bay yon entwodiksyon enfòmatif sou lekòl yo.

 

Si ou te rate reyinyon nan lekòl ki nan zòn ou an, ou kapab toujou ranpli fòm enskripsyon an epi aprann plis bagay sou lekòl ou a.

Remèsye Yon Pwofesè… Edisyon Asistan Direktè:

Keith Hoffman Nan Lekòl Mwayen Christa McAuliffe

Asistan Direktè Keith Hoffman kanpe ak madanm li epi pitit li

Pou onore Semèn Nasyonal Asistan Direktè/tris yo, nou fyè pou nou prezante pri Remèsye yon Pwofesè semèn sa a bay yon lidè ki vrèman ranpli tout fonksyon nan lekòl li. Se Asistan Direktè Keith Hoffman.

 

Direktè lekòl la dekri Mesye Hoffman kòm "yon kle paspatou" ki kenbe lekòl la fonksyone tankou yon sèl gwo fanmi.

 

Gade Mesye Hoffman ki ap mache nan yon tinèl ak anpil enèji..

Yon Nouvo Chapit Kòmanse Nan RISE Academy

Nan dat 30 mas la plizyè anplwaye ofisyèl nan distri a te rasanble nan Rise Academy pou inogire renovasyon ki fèt sou kanpis la. 

 

Gras ak fon ki soti nan Taks Referandòm Yon Santim 2016 la, renovasyon yo te mete fen ak itilizasyon klas pòtab yo pou tonbe nan yon bilding dènye kri.

 

Li plis bagay sou nouvo bilding lan.

Felisitasyon Pou Sèvis Kliyantèl: Ashely Atchison

Asistan Biwo Lekòl Segondè Palm Beach Central

Ashley Atchison Asistan Biwo Lekòl Segondè Palm Beach Central

"Madan Atchison gaye pozitivite ak 'Fyète Bronco' nan tout aspè travay li nan lekòl la.

 

Kòm yon premye pwen kontak, li bay chak paran ak vizitè ki vini lekòl la yon akèy chalere ak pwofesyonèl.

 

Devouman l ak enèji chak jou li fè li se yon poto mitan nan ekip nou an."

 

Nonmen yon moun ki merite felisitasyon pou sèvis kliyantèl.


Inisyativ Felisitasyon Pou Sèvis Kliyantèl rekonèt angajman eksepsyonèl yon anplwaye demontre nan travay li pou byen sèvi moun. 

Prezantasyon Espesyal Lekòl:

Lekòl Elemantè Whispering Pines

De ti gason elèv lekòl ki devan yon tablo televizyon

Lekòl se plis pase yon kote pou aprann, se yon kote timoun yo santi yo lakay yo. Depi premye semèn yo sou kanpis la, elèv yo vin fè pati yon fanmi ki depase endividyalite yo. 


Rankontre elèv ak anplwaye Lekòl Elemantè Royal Palm Beach.


• Klas: K-5

• Maskòt: Inikòn

• Koulè: Ble ak Blan


9090 Spanish Isles Blvd.

Boca Raton, FL 33496

561-672-2700


Lis selebrasyon ki genyen pou mwa avril la
Orè Vaksinasyon nan Sant Akèy Distri Lekòl Rejyon Palm Beach