Madi 20 Oktòb 2020
GADE FACEBOOK LIVE a 5:00 sou Pwogram Ochwa Apremid a
Jodia a a 5:30 PM n ap fè yon Facebook Live an Kreyòl kote espesyalis nan Depatman Pwogram Ochwa ap reponn kesyon ak bay enfòmasyon pou aplike pou ane ki ap vini an. Patisipe sou @PBCSDKreyol. 
Sware Patisipasyon Fanmi pou Paran ak Pitit yo
Depatman Edikasyon Miltikilrèl ap òganize yon Sware Patisipason Fanmi jedi 22 Oktòb 2020 soti 6:00 PM pou rive 8:00 PM nan yon platfòm vityèl apati Google Meet.
Tout paran envite pou pastisipe pou jwenn enfòmasyon. Klike la a pou w li plis.
Fwi ak Vejetab Disponib nan Distribisyon Manje
Depatman Sèvis Manje Lekòl ap konsolide kantite lokal pou distribisyon manje yo. Jou jedi elèv ap resevwa 10 liv fwi ak vejetab pandan katite a disponib. Tout timoun ki genyen 18 ane oswa pi piti pase sa (22 ane oswa pi piti pou elèv ESE) kalifye pou manje gratis. Men nouvo lis distribisyon an.
Pwogram Apre Lekòl Ap Fete 21 Ane
Pou plis pase de deseni, Lights On Afterschool ap montre efè pozitif pwogram apre lekòl yo genyen sou lavi timoun yo, fanmi yo, ak kominote a. Ane sa a, nan dat 22 Oktòb, Distri a ak lekòl yo pral onore gwo travay anplwaye apre pwogram lekòl yo.
Vizit Vityèl Kolèj
Nan kòmansman mwa Oktòb la, elèv yo ap gen yon chans pou yo familiarize yo ak 12 Inivèsite ak Kolèj ki nan eta Florid la apati Vizit Vityèl Kolèj ki ap mennen nan yon Sware Karyè Vityèl Mèkredi 21 Oktòb.