Madi 17 Mas 2020
Dènye mesaj sipèentandan an pou paran ak anplwaye
N ap raple w lekòl yo ap fèmen omwen jiska dènye jou vakans ete a ki se vandredi Mas 27. Pandan de semèn k ap vini yo, Distri a pral evalye kalandriye sa a epi deside si li nan pi bon enterè elèv yo pou pwolonje fèmti lekòl yo ak retade dat retou lekòl la.
Liy Enfòmasyon sou Coronavirus
Pou repons ou pa jwenn sou sit entènèt distri a, nou envite ou rele liy enfòmasyon Coronavirus Distri a. Liy telefòn nan ouvri lendi jiska vandredi, ant 8 a.m. ak 4 p.m.
Reprezantan yo disponib nan lang anglè, panyòl, ak kreyòl ayisyen. Nimewo telefòn nan se (561) 969-5840 .
Distribisyon manje GRATIS pou timoun jiska 20 mas
Distri Lekòl Rejyon Palm Beach ap fè w sonje ke nou ap bay manje GRATIS pou tout timoun ki gen jiska 18 an. ak pi piti, ak elèv ESE ki gen jiska laj 22 an. Ou kapab vin chache manje yo nenpòt ki jan nan 30 nan lekòl nou yo. 
Ankèt sou teknoloji lakay
Distri a te voye yon imèl ki gen yon ankèt sou teknoloji paran genyen lakay yo. Ankèt sa a se pou konnen bezwen teknolojik paran yo pou si distri a ta rete fèmen apre vakans prentan an vandredi 27 mas.
Ranpli epi retounen ankèt la elektwonikman pa depase mèkredi 18 mas.
Resous pou timoun aprann lakay
W ap chache fason pou w kenbe pitit ou okipe epi pou li kontinye ap aprann lakay li pandan sezon vakans prentan an. Genyen resous ki disponib sou entènèt la pou yo kapab konsilte epi pou ou travay avèk yo.

JWENN KONEKSYON WIFI GRATIS GRAS AK XFINITY
Comcast ouvri rezo Xfinity li a nan tout peyi a GRATIS pou de mwa akoz kriz Coronavirs la. Sa ap ede elèv ki pa gen Wifi lakay yo jwenn koneksyon pou enstriksyon sou entènèt.

W ap jwenn plis enfòmasyon sou: internetessentials.com .
NIMEWO ENPÒTAN DISTRI A

Transpòtasyon......................561-357-1110

Operatè Telefòn....................561-434-8000

Pwogram Ochwa..................561-434-8755

Depatman ESE......................561-434-8740

Pwogram Apre Lekòl............561-687-6387

Biwo Sipèentandan..............561-629-8599

Komite Direksyon...................561-357-766