Madi 7 Janvye 2020
Bòn Ane 2020
Men Gwo Pwojè Distri a Genyen

Ane sa a Distri a pral konsantre l sou Alfabetizasyon nivo K-2, epi reyalize anpil gwo pwojè enpòtan.  
Klas Avanse Fè w Ekonomize Tan ak Lajan
Genyen plizyè chwa klas avanse:
1)     Plasman Avanse ( AP )
2)     Sètifika Edikasyon Entènasyonal
Avanse ( AICE )
3)     Bakaloreya Entènasyonal
4)     Enskripsyon Doub  (Videyo)
Sonje Mete Ajou Enfòmasyon pou Kontakte w

Kòmansman ane a se bon lè pou w asire w lekòl pitit ou genyen bon enfòmasyon pou kontakte w. Li enpòtan pou ou mete ajou nimewo telefòn ou, adrès kay ou... 
Men Orè Gradyasyon pou Pwomosyon 2019-2020 an

Gradye ak fanmi yo! Make kalandriye nou. Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la anonse dat ak lè seremoni gradyasyon pou pwomosyon 2020 an. (Klike la a pou li plis)
Dènye Mwa pou Aplike pou Pwogram Ochwa yo

Sonje 24 janvye se dat limit pou aplike pou plis pase 300 pwogram ochwa ak karyè nan distri a. Seleksyon yo ap fè avan fen mwa mas apati pwosesis lotri a.

Opsyon pou Vaksen Kont Grip

Malerezman, Healthy Schools, LLC, ki bay vaksen kont grip pou elèv ki nan lekòl nou yo, sispann pwogram vaksen kont grip la pou ane lekòl sa a. Li enpòtan pou paran yo okouran de lòt opsyon kote vaksen kont grip la disponib pou timoun a ba pri oswa gratis. (Klike la a pou w li plis)
Yon Lòt Ane Kòmanse

Yon lòt ane kòmanse men se rès ane lekòl regilye a. Nou swete tout estaf ak elèv nou yo bon retou.

Nan ane 2020 sa a Distri a pral rekonsantre l sou Alfabetizasyon nivo K-2, aksè pou tout elèv nan tout pwogram yo, pi bon planifikasyon jeneral.  

NOU SWETE W YON BON RÈS ANE LEKÒL.

NIMEWO ENPÒTAN DISTRI A

Transpòtasyon......................561-357-1110

Operatè Telefòn....................561-434-8000

Pwogram Ochwa..................561-434-8755

Depatman ESE......................561-434-8740

Pwogram Apre Lekòl............561-687-6387

Biwo Sipèentandan..............561-629-8599

Komite Direksyon...................561-357-766