Gwen Stefani, Twa Fwa Gayan Pri Grammy, Ede Kolekte Fon Pou Elèv Lekòl Dreyfoos
Gras ak pèfòmans konsè chantè-konpozitè Gwen Stefani, gala pou ranmase lajan Save our Musicians Foundation te òganize rasanble $350.000 pou Lekòl Dreyfoos School of the Arts.
Pandan konsè samdi 29 avril la nan Ballpark Palm Beaches, chantè "It's My Life" la te eksplike benefis mizik genyen nan lekòl yo, ki ap ede fòme pwochen jenerasyon atis yo. Pandan prestasyon an, elèv Distri a te gen opòtinite montre pwòp talan yo lè yo te jwe sou menm sèn ak Stefani pandanke lòt elèv Dreyfoos yo te ap vann travay atistik yo reyalize.