Madi 8 Oktòb 2019
Vin Eksplore Pwogram Lekòl yo

"Ekspozisyon Lekòl yo" ap fèt Madi 22 Oktòb 2019 apati 4 pm. pou 8 p.m. nan Sant Ekspozisyon nan South Florida Fairgrounds. W ap jwenn enfòmasyon sou plis pase 300 pwogram ochwa ak karyè nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la.
Depatman Edikasyon Bezwen Opinyon nou pou Pitit nou

Komisyonè Richard Corcoran pral gen yon reyinyon nan Rejyon Palm Beach la lendi 14 oktòb 2019 pou tande paran yo ak moun ki gen enterè nan kominote a sou estanda akademik eta a. (Klike la a pou w li plis)

Pwogram Bakaloreya Entènasyonal (IB): Yon Ouvèti Mondyal pou Pitit ou

Pwogram Bakaloreya Entènasyonal (IB) prepare elèv yo pou reyisi nan yon mond ki ap globalize rapidman. Li ba yo opòtinite devlope entèlektyèlman, pèsonèlman, emosyonèlman ak sosyalman. (Pou w li plis)
Pwogram Rekreyatif pou Selebre Pwogram Apre Lekòl

Prime Time Rejyon Palm Beach envite fanmi ak zanmi nan aktivite rekreyatif pou pwogram apre lekòl. Ap genyen bon jan amizman edikatif ak mizik pou tout moun.
Jedi 24 Oktòb 2019 - 6:00-9:00 pm
100 Clematis Street
West Palm Beach, FL
Remèsye Yon Pwofesè
Doktè HERMIONE JOSEPH-ORELUS

Apati nominasyon nou jwenn pou pwofesè ki fè yon diferans nan lavi elèv yo, se Doktè Hermione Joseph-Orelus nan Lekòl Segondè Lake Worth ki te jwenn vizit sipriz jedi 3 oktòb la.
KOMPLIMAN epi MÈSI pou motivasyon ou bay elèv yo nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. 

NIMEWO ENPÒTAN DISTRI A

Transpòtasyon......................561-357-1110

Operatè Telefòn....................561-434-8000

Pwogram Ochwa..................561-434-8755

Depatman ESE......................561-434-8740

Pwogram Apre Lekòl............561-687-6387

Biwo Sipèentandan..............561-629-8599

Komite Direksyon...................561-357-766