30 Mas 2026

 
Facebook  Instagram  X  YouTube

Tcheke Rezilta Lotri Pwogram Chwa


Ou kapab wè rezilta Lotri Pwogram Chwa pou ane lekòl 2026-2027 la sou mypbchoiceapp.com.


Akòz kantite vizitè yo prevwa sou sit entènèt la, ou kapab rankontre reta pou w jwenn aksè nan rezilta yo. Si ou rankontre nenpòt pwoblèm, eseye vizite sit entènèt la ankò pita.


Pou plis asistans, voye yon imèl detaye bay

choicequestions@palmbeachschools.org

Patisipe Nan Reyinyon Enfòmason Pou Enskripsyon Nan Jadendanfan, 6-10 Avril 2026 

Direktè lekòl yo ap òganize reyinyon enfòmason pou fasilite enskripsyon nouvo elèv nan jadendanfan epi prezante lekòl la bay paran ak responsab yo. 


Reyinyon sa yo ap fèt maten ak nan apremidi.


Paran ap genyen opòtinite rankontre ak direktè lekòl yo, pwofesè yo, vizite lekòl yo, jwenn yon apèsi sou kourikoulòm jadendanfan an, ak plis ankò.

Tom Dyde Se Nouvo Gayan Pwofesè Pou Semèn Nan

Tom Dyde se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Mwayen Teknoloji Don Estridge. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a.

 

Li resevwa yon chèk $500 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li ak devouman li nan travay li.

 

Klike la a pou gade videyo a.

Aplike Pou Yon Bousdetid Kan Ete

Nan Rejyon Palm Beach La 

Kounye a se moman pou w aplike pou Bousdetid Kan Ete nan Rejyon Konte Palm Beach la.


Gen plis pase 4.000 bousdetid ki disponib epi yo bon pou jiska 100 kan.


Paran yo dwe rete nan Rejyon Palm Beach la, epi timoun yo dwe kalifye finansyèman pou yon bousdetid.


Dat limit pou aplike a se Vandredi 3 Avril 2026.


Gade videyo sa a pou plis enfòmasyon.

Felisitasyon Pou Sèvis Kliyantèl: Kristina Yang

Asistan Biwo Lekòl nan Lekòl Elemantè Hagen Road

"Madan Yang kreye yon anviwònman akeyan gras ak pwofesyonalis epi jantiyès li anvè elèv yo, fanmi yo ak anplwaye yo.


Li jwe yon wòl vital nan kowòdinasyon aktivite esansyèl lekòl yo epi asire sekirite sou kanpis la pandan l toujou jwenn tan pou sipòte kòlèg li yo.


Anplis aktivite chak jou li, Madan Yang ki genyen yon bon kè trè remakab nan anpil inisyativ lidèchip li pran nan kominote a.” 

 

Nonmen yon moun ki merite felisitasyon pou sèvis kliyantèl.


Inisyativ Felisitasyon Pou Sèvis Kliyantèl rekonèt angajman eksepsyonèl yon anplwaye demontre nan travay li pou byen sèvi moun. 

Prezantasyon Espesyal Lekòl:

C.O. Taylor / Kirklane Elementary School

Se pi gwo lekòl elemantè nan Rejyon Palm Beach la. Elèv yo se yon priyorite nan chak desizyon ki pran, epi kanpis la fyè dèske li se yon lekòl ki genyen yon pwogam bileng. 


Rankontre elèv ak anplwaye Lekòl Elemantè Royal Palm Beach.


• Klas: K-5

• Maskòt: Bato Ki Gen Vwal

• Koulè: Wouj, Blan, Ble


4200 Purdy Ln.

Palm Springs, FL 33461

561-804-3500


Redekouvri Lekti An 2026: Chemen W Pou Eksplorasyon

"Redekouvri Lekti" se selebrasyon Sistèm Bibliyotèk Rejyon Palm Beach la ki dire tout yon ane, ki ap ede kominote a rekonekte ak lekti pou plezi.


Pwogram nan gen pou objektif pou fè Bibliyotèk la pi aksesib ak pi atiran pou tout lektè, kit se nouvo lektè, lektè ki retounen, oswa moun ki kirye.


Rezidan Rejyon Palm Beach yo kapab aplike pou yon kat Bibliyotèk gratis sou entènèt oswa nan branch Sistèm Bibliyotèk Rejyon Palm Beach yo pi pito.

Kanè Twazyèm Trimès Disponib nan SIS Gateway


Kounye a, ou kapab jwenn kanè twazyèm trimès pou elèv lekòl segondè yo nan Sistèm Enfòmasyon Elèv (SIS) la.


Si w pa genyen  yon kont pou w antre nan SIS Gateway, aprann kijan pou kreye yon kont  epi jwenn aksè nan nouvo Pòtal Paran nou an ki mete tout enfòmasyon ou bezwen yo yon sèl kote.


SIS Gateway bay aksè a enfòmasyon elèv, tankou orè, nòt, disiplin ak prezans.

Distri Lekòl Rejyon Palm Beach ap òganize pi gwo fwa anbochaj pou bay travay

pou ane a nan South Florida Fairgrounds nan West Palm Beach,

mèkredi 1ye avril 2026, soti 11 a.m. pou rive 2 p.m.