Madi 10 Septanm 2019
Sipòte Viktim Siklòn Dorian
Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ankolaborasyon ak Education Foundation lanse Kanpay Lekti, Redaksyon ak Sipò pou kolekte lajan pou vwazen nou yo ki nan nesesite.  Klike la a pou w li plis...
Mennen Pitit nou Lekòl 25 Septanm

Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la, an kolaborasyon ak Depatman Edikasyon eta Florid la, ap rekonèt Mèkredi 25 septanm kòm jou pou Papa Mennen Pitit yo Lekòl.  

Remèsye yon Pwofesè Chak Jedi
Pwofesè yo pa sèlman pataje konesans ak elèv yo chak jou. Yo pataje tou bèl souri akeyan nan salklas yo pou rekonfòte yo, enspire yo pandan y ap aprann leson difisil. Gid yon pwofesè bay ede elèv tabli objektif yo, devlope bon karaktè, defini rèv karyè yo yon fason ki kapab chanje lavi yo. 
Rekritman Chofè Bis 12 Septanm
Depatman Transpòtasyon Distri Lekòl Rejyon Palm Beach ap òganize jounen anbochaj pou chofè bis Jedi ki ap 12 septanm soti 9:00 nan maten pou rive 2:00 nan apremidi nan lokal ki nan 3376 Summit Blvd nan West Palm Beach. 
Objektif staf nou pou ane a
Non mwen se CLAUREINE PIERRE

Mwen se PWOFESÈ klas premye nan LEKÒL ELEMANTÈ BANYAN CREEK .

OBJEKTIF MWEN se pou enspire tout elèv mwen yo yon lanmou pou lekti, epi ede yo aprann yon fason endepandan.
NIMEWO ENPÒTAN DISTRI A

Transpòtasyon......................561-357-1110

Operatè Telefòn....................561-434-8000

Pwogram Ochwa..................561-434-8755

Depatman ESE......................561-434-8740

Pwogram Apre Lekòl............561-687-6387

Biwo Sipèentandan..............561-629-8599

Komite Direksyon...................561-357-766