Madi 17 Desanm 2019
Fanmi m swete fanmi w
Jwaye Fèt Fen Ane!

Souwè m pou nou se pou n pran opòtinite vakans ivè a pou rilaks epi repran fòs. Anplwaye distri a ak elèv yo travay di anpil pou fè distri a yon distri nivo A.
Chanjman nan Kalandriye Lekòl: Pa p Gen Lekòl 17 Mas

Pa p gen lekòl pou elèv Madi 17 mas 2020. Komite Direksyon Distri a apwouve chanjman sa a ki fèt nan kalandriye lekòl la akoz eleksyon prezidansyèl primè.

Mwayen Senp pou Kenbe Timoun yo Okipe Pandan Vakans

Men kèk fason amizan epi ki pa koute lajan ou kapab ede timoun yo amize yo epi kontinye ap aprann pandan yo nan vakans long lakay yo.

Pèfòmans Elèv nou yo

Tande epi apresye nan videyo Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la pwodui, talan koral, mizisyen, ak dansè nan plizyè nan lekòl nou yo ki ap entwodui anbyans sezon fèt fen ane 2019 la.

Aprann yon Bagay Tounèf pou Ane k ap Vini an

Depatman Edikasyon Kominotè pou Adilt ofri klas sou karyè ak kou teknik, aprantisay amizan ak klas nan plizyè sijè diferan.  
Remèsye Yon Pwofesè
Donna Kreidler

Donna Kreidler genyen 25 an depi l ap anseye nan Lekòl Elemantè West Gate ak pasyon epi angajman. Li konsidere elèv yo tankou pwòp fanmi l. Konsa li toujou vle pi bon bagay pou yo.

Li jwenn nominasyon pou pwofesè semèn nan pou bon travay li.

Ou gen dwa patisipe nan pwogram remèsye yon pwofesè sou paj sa a : palmbeachschools.org/thankateacher


KONPLIMAN!

NIMEWO ENPÒTAN DISTRI A

Transpòtasyon......................561-357-1110

Operatè Telefòn....................561-434-8000

Pwogram Ochwa..................561-434-8755

Depatman ESE......................561-434-8740

Pwogram Apre Lekòl............561-687-6387

Biwo Sipèentandan..............561-629-8599

Komite Direksyon..................561-357-766
Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ap kenbe pwomès li fè moun ki te vote referandòm nan pou ogmante sekirite lekòl, bay resous pou sante mantal, kenbe pwogram atistik yo, edikasyon mizik, ak ogmante salè pwofesè.