Distri a Pral Kòmanse Premye Pwogram Bileng Kreyòl Ayisyen/Anglè
Apati ane lekòl 2021-2022 a, Lekòl Elemantè Rolling Green ap ofri yon pwogram bileng kreyòl ayisyen pou elèv jadendanfan. Pwogram sa a se premye pwogram konsa nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la, epi se sèl pwogram bileng kreyòl ayisyen/anglè ki ap genyen nan eta Florid la. Klike la a pou w li plis.