4 Novanm 2024

 
Facebook  Instagram  X  YouTube
Resous Pou Fanmi Yo
Kalandriye 2024-2025
Santim Ou Ap Travay

Aplikasyon Pou Pwogram Chwa Ak Akademi Karyè Yo Ouvri Kounye A


Gen anpil rezon ki fè 182 lekòl yo nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la se pi bon chwa w pou edikasyon pitit ou. Fanmi ki gen elèv k ap antre nan matènèl jiska klas 12yèm ane yo kapab chwazi nan plis pase 330 pwogram pwogram ki baze sou chwa ak karyè ak edikasyon teknik (CTE) nan nivo elemantè, mwayen ak segondè ki bay ansèyman akademik inovatè ak solid nan men pwofesè ki resevwa fòmasyon espesyal. .


Dat enpòtan ou dwe sonje pou Pwogram Chwa pou ane lekòl 2025-2026 la:


• 4 Novanm 2024 - Aplikasyon ouvri sou Entènèt.


• 6 desanm 2024 - Dat limit pou aplike pou Lekòl Chwa ki mande yon odisyon.


• 31 janvye 2025 - Dat limit pou aplike pou tout lòt Pwogram Chwa yo.


Klike la a pou aprann plis ak soumèt yon aplikasyon.


Akademi Preparasyon Veterinè Pwomote

ďťżPasyon Elèv Pou Bèt Yo  

Distri a ofri plis pase 330 pwogram espesyalizasyon ak karyè pwofesyonèl, ki gen ladan yo yon Akademi Preparasyon Veterinè. Soti nan lekòl primè rive nan lekòl segondè, elèv yo plonje nan domèn swen bèt ak syans veterinè, pandan y ap bati yon fondasyon pou karyè sa a alavni.

 

An n vizite ansanm Lekòl Elemantè Acreage Pines, Lekòl Mwayen Osceola Creek, ak Lekòl Segondè Wellington School pou wè fason lekòl nou yo enspire pwofesyonèl demen yo.

 

Klike la a pou gade videyo espesyal la. 

Remèsye Yon Pwofesè Kòm Pwofesè Pou Semèn Nan

Sue Townsend se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Elemantè Jupiter Farms. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a.

 

Li resevwa yon chèk $350 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif pou ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li. Klike la a pou w nonmen yon pwofesè!

 

Klike la a pou gade videyo a!

Elèv Ki Soud Ak Moun Ki Pa Tande Byen Yo Jwenn Eksperyans Pratik Ak Kou STEM Nan Robotics

 

Elèv ki nan Lekòl Segondè John I. Leonard ap apran ladrès STEM apati yon pwogram espesyalize pou moun ki soud ak moun ki pa tande byen. Pwogram sa a, ki bay ansèyman espesyalize ak sèvis odyo ak ASL, mete tèt ansanm ak Sant Nasyonal STEM Rejyonal Pou Moun Ki Soud pou bay yon gwoup elèv opòtinite pratik pou aprann STEM. Apati pwogram sa a, plis pase yon douzèn elèv ap aprann baz jeni ak eksplore STEM nan yon anviwònman aksesib.

 

Klike la a pou w gade istwa WPBF 25 News la.