18 Out 2025

 
Facebook  Instagram  X  YouTube

Selebrasyon Siksè Pandan Premye Jou Lekòl La

 

Ouvèti lekòl la te yon bagay ekstraòdinè nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Depi granmaten se te kontantman, souri, ak anpil motivasyon nan tout lekòl yo.

 

Nou fyè pou nou kòmanse ane 2025-2026 la ankò kòm yon Distri ki klase nivo "A", yon temwayaj travay di elèv, pwofesè, fanmi, ak anplwaye nou yo.

 

Ane sa a ankò n ap fè li inoubliyab, n ap enspire avni, epi fè chak jou konte. DISTRI LEKÒL REJYON PALM BEACH LA SE MEYÈ CHWA pou edikasyon pitit ou.

 

Gade videyo sa a pou yon rezime premye jou lekòl la nan tout Distri a.

Tout Mwa Out La Se Peryòd Pou Pa Peye Taks Sou Atik Lekòl

Fanmi yo p ap peye taks lè y ap achte sèten rad, òdinatè, ak founiti lekòl pandan tout mwa Out la. Se peryòd espesyal pou ede paran pwokire yo founiti klasik pitit yo ap bezwen pou ane lekòl la.

 

Jwenn plis enfòmasyon lè w vizite floridarevenue.com/backtoschool

Asire W Enfòmasyon Kontak Aktyèl Ou Ajou

Nan Lekòl Pitit Ou

Kenbe enfòmasyon kontak yo ajou se youn nan bagay ki pi enpòtan paran ak responsab legal yo dwe fè pou asire yo resevwa dènye nouvèl ak mesaj enpòtan sou lekòl pitit yo ak sou Distri a.

 

Kontakte biwo lekòl pitit ou pou w asire w ou bay nimewo telefòn ou genyen kounye a, adrès aktyèl kay ou, ak adrès imel ki pi ajou ou genyen.

 

Enskri Pitit Ou Pou Transpòtasyon Nan Bis Lekòl Yo

Distri Lekòl Rejyon Palm Beach egzije tout elèv ki ap pran bis kòm mwayen transpò pou yo enskri nan pòtal Register Your Ride Depatman Transpòtasyon an.

 

Paran oswa responsab legal elèv la dwe ranpli yon fòm enkripsyon tou kout pou asire yo pitit yo jwenn yon plas nan bis.

 

Li kijan pou fè sa etap pa etap la a. 

'Katografi Dijital' Nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach

Ap Diminye Tan Repons Yo

CBS12 — Pou nouvo ane lekòl sa a, Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ap deplwaye yon nouvo teknoloji ki vize redui tan repons pandan ijans ak nouvo kat dijital pou tout lekòl yo.

 

Distri a se youn nan premye distri nan eta a ki gen teknoloji sa a. Katografi dijital la fèt pou amelyore sekirite, planifye, epi bay repons ijans rapid nan tout lekòl yo.

 

Li plis sou katografi dijital.