Madi 1ye Oktòb 2019
KINAN NOU: Pwofil Lidèchip nan Distri a

Fè Konesans ak EDWINE MICHEL, Direktè Rekritman ak Retansyon

Edwine Michel se Direktè Depatman Rekritman ak Retansyon. Li te kòmanse travay nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach kòm yon Espesyalis / Rezidan pou Pwojè Espesyal nan Biwo Direktè Anchèf Resous Imèn nan an Jiyè 2018.
Ekspozisyon Pwogram Lekòl yo

Plis pase 300 pwogram Ochwa ak Karyè nan Distri Lekòl la ap ekspoze nan 23yèm "Ekspozisyon Lekòl" ki pwograme pou Madi 22 Oktòb apati 4 pm. pou 8 p.m. nan Sant Ekspozisyon nan South Florida Fairgrounds.
Mache oswa Monte Bisiklèt pou Ale Lekòl Mèkredi

Demen mekredi 2 oktòb 2019 la, Distri Lekòl Rejyon Palm Beach ankouraje elèv mache oswa monte bisiklèt pou ale lekòl pou sipòte konsyantizasyon sou egzèsis fizik ak anviwonnman. 

5 Enfòmasyon Rapid sou FAFSA

1)       $150 milya dola pou èd federal ak eta yo
2)       Ou pa bezwen gentan admèt nan kolèj
3)       Dokiman taks 1040 ki pi resan an
4)       Lekòl segondè yo bay enfòmasyon
5)       Pi bonè ou aplike li pi bon
Pou plis enfòmasyon, vizite: palmbeachschools.org/scholarships
Distri a ak Kominote a Kolekte $43 Mil Dola pou Bahamas

Distri Lekòl Rejyon Rejyon Palm Beach fyè pou l anonse ke, avèk èd lekòl li yo, fanmi yo, anplwaye yo, ak elèv yo, li te prezante yon chèk $43.555 bay Lakwa Wouj Amerikèn pou viktim Bahamas yo.

Nan kòmansman mwa sa a, siklòn Dorian te frape Bahamas antanke yon tanpèt kategori 5. Distri a, ansanm ak patnè filantwopik li ki se Fondasyon Edikasyon nan rejyon Palm Beach, te lanse kanpay Lekti, Ekriti ak Sipò pou ranmase lajan pou vwazen nou yo ki nan bezwen.
Objektif staf nou pou ane a
Non mwen se WIDMARCK JOUBERT

Mwen se yon FASILITAT È LANG nan
LEK Ò L PRIM È BANYAN CREEK .

OBJEKTIF MWEN se pou sipòte paran ak elèv nan pwogram ESOL yo nan domèn lang ak kilti pou ede nan kominikasyon ak aprantisay.
NIMEWO ENPÒTAN DISTRI A

Transpòtasyon......................561-357-1110

Operatè Telefòn....................561-434-8000

Pwogram Ochwa..................561-434-8755

Depatman ESE......................561-434-8740

Pwogram Apre Lekòl............561-687-6387

Biwo Sipèentandan..............561-629-8599

Komite Direksyon...................561-357-766