Sipèentandan Donald E. Fennoy II ak Chèf Polis Lekòl yo, Frank J. Kitzerow, anonse Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la antre nan yon gwo akò ak ajans pou fè respekte lalwa yo, ponpye, jesyon ijans, swen sante, ak sant chòk, pou bay yon gid operasyon estanda nan ka ta genyen yon gwo ensidan nan yon lekòl Rejyon Palm Beach la. Klike la a pou w li plis.
Prim Eritaj Panyòl Onore Elèv ak Pwofesè
Chak ane, Chanm Komès Pòtoriken / Panyòl nan Rejyon Palm Beach fè Selebrasyon Prim Eritaj Panyòl nan estidyo chanèl 5 WPTV pou onore fòmèlman elèv lekòl segondè nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ak yon pwofesè Panyòl. Akòz COVID-19, seremoni pou remèt prim ane sa a te fèt sou entènèt nan mòd vityèl 28 oktòb. Klike la a pou w li plis...
Elèv ap Eksplore Opsyon Karyè nan Etid Sosyal
Elèv nan Lekòl Elemantè Westgate fè eksperyans pratik sèvis ajans gouvèvnan lokal yo bay.
Yo eksplore tou opsyon karyè, ak kijan Distri Lekòl Palm Beach la kapab prepare yo pou siskè apre lekòl. Klike la a pou w gade videyo a...
Eksplore Vi Natirèl
nan Forè Sid Florid
Soti nan gwo èg, tonbe nan sèf ke blan, Sid Florid la se kay plizyè tip bèt. An n vizite!
Chache konnen kiyès ou kapab wè bò lakay ou ak kijan pou w reyaji lè sa rive. Vizite Busch Wildlife Sanctuary nan Jupiter.