Patisipe Nan Konkou Redaksyon America250FL La
Pou Selebre 250yèm Anivèsè Etazini
Pou onore 250yèm anivèsè fondasyon nasyon nou an, Depatman Edikasyon Florid la ak Volontè Florid envite elèv nan eta a patisipe nan konkou redaksyon America250FL la.
Konkou Redaksyon America250FL la ouvè pou tout elèv ki ale nan nenpòt lekòl Florid ki nan klas 6yèm jiska 12yèm ane (lekòl piblik, endepandan, prive, adomisil, oswa vityèl). Y ap chwazi uit gayan (twa elèv lekòl mwayen ak senk elèv lekòl segondè), epi chak gayan ap resevwa yon bousdetid.
Patisipan yo genyen jiska 5è aprèmidi lendi 16 mas 2026 pou soumèt redaksyon yo.
Klike la a pou plis enfòmasyon ak kijan pou w patisipe.
|