Madi 3 Desanm 2019
Frank Barbieri Reeli Prezidan Komite Direksyon Distri a

Komite Direksyon Distri a reeli Frank Barbieri kòm prezidan epi Chuck Shaw rete visprezidan nan reyinyon reòganizasyon ki te fèt mèkredi 20 novanm 2019 nan biwo santral la nan West Palm Beach.
Aplike Avan 13 Desanm pou Pwogram Ochwa yo

Dat Limit la ap Apwoche.
Dat limit pou voye aplikasyon pou de twa pwogram atizay yo se 13 desanm. Tanpri ale sou paj entètèt pwogram ochwa yo pou ou aplike pou pitit ou.
Men Elèv ki Genyen Konkou Kat Souwè Sipèentandan an

Pou katriyèm ane afile, Distri Lekòl Rejyon Palm Beach te ankouraje elèv yo antre nan Konkou Kat Souwè Sipèentandan an pou sezon fèt la. Yo te mande elèv yo pou te kreye yon pyès atistik ki montre entèpretasyon yo de sezon ivè a nan jewografi espesyal eta Florid la. Ak sipò pwofesè atizay yo anpil elèv te patisipe.

Santim ou T ap Travay Pandan Vakans Aksyondegras la

Pandan elèv yo te anvakans, bòs nou yo t ap travay nan plizyè lekòl pou konplete pwojè ki te sou pye yo, ak fè renovasyon gras ak lajan taks yon santim nan. Nou toujou kenbe angajman nou pou bay yon mizajou sou evolisyon travay yo.  
Remèsye Yon Pwofesè
Horace White

"Tout elèv sa yo nou ap anseye jounen jodi a se yomenm ki pral pwochen lidè nan sosyete nou an."
Se deklarasyon Horace White, pwofesè syans nan Lekòl Segondè Palm Beach Gardens. Li jwenn remèsiman kòm pwofesè pou semèn nan.

Ou gen dwa patisipe nan pwogram remèsye yon pwofesè sou paj sa a : palmbeachschools.org/thankateacher

KOMPLIMAN!

NIMEWO ENPÒTAN DISTRI A

Transpòtasyon......................561-357-1110

Operatè Telefòn....................561-434-8000

Pwogram Ochwa..................561-434-8755

Depatman ESE......................561-434-8740

Pwogram Apre Lekòl............561-687-6387

Biwo Sipèentandan..............561-629-8599

Komite Direksyon..................561-357-766
Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ap kenbe pwomès li fè moun ki te vote referandòm nan pou ogmante sekirite lekòl, bay resous pou sante mantal, kenbe pwogram atistik yo, edikasyon mizik, ak ogmante salè pwofesè.