Madi 27 Out 2019
Pasyon pou Elvis Enspire yon Elèv

Matt Stone genyen stil, li make pa, li genyen vwa gwo atis sa a. Li gen 16 an epi li fèk rantre nan klas onzyèm nan Park Vista kote li ap rann omaj pou Elvis Presley.

Pwogram Charyo Dejene

Pwogram Charyo Dejene nan maten nan plis pase 40 lekòl nou yo se yon fason pou ede elèv byen kòmanse jounen lekòl la ak yon souri sou bouch yo.
Pwogram Edikasyon Adilt Reouvri

Pwogram Edikasyon pou Adilt yo ap reouvri lendi 26 out 2019 la pou nouvo ane lekòl sa a nan 27 lokal nan distri Palm Beach la.
Objektif staf nou pou ane a
Non mwen se JESSY CANTON

Mwen se KONSEYE AKADEMIK ESOL nan Lekòl Elemantè FOREST PARK

OBJEKTIF MWEN se pou ede elèv nou yo kontounen tout obstak yo genyen kòm nouvo imigran nan sistèm edikasyon peyi Etazini.
NIMEWO ENPÒTAN DISTRI A

Transpòtasyon......................561-357-1110

Operatè Telefòn....................561-434-8000

Pwogram Ochwa..................561-434-8755

Depatman ESE......................561-434-8740

Pwogram Apre Lekòl............561-687-6387

Biwo Sipèentandan..............561-629-8599

Komite Direksyon...................561-357-766