Madi 13 Oktòb 2020
Ekspozisyon Pwogram Lekòl yo
Pare w pou w eksplore plis pase 300 pwogram @SDPBCChoiceCTE vityèlman pandan w lakay ou. Ekspozisyon Lekòl yo ap fè MADI 20 OKTÒB. L ap kòmanse ak yon Facebook live. Klike la a pou w li plis.
Sonje Fè Chwa w pou Semès la
Dènye jou pou bay chwa w pou enstriksyon pitit ou pou di si l ap klas adistans oswa anpèsòn pou premye semès la se demen mèkredi 14 oktòb. Konekte nan pòtal elèv la pou fè sa. Klike la a pou w li plis.
73 Sibvansyon Fondasyon Edikasyon pou Sipòte Lekòl yo
Fondasyon Edikasyon bay 73 sibvansyon pou lekòl yo pou pwogram nan klas ak lòt aktivite tankou sipò pou aprantisay sosyoemosyonèl. Lajan se kontribisyon tout kominote a. Gade videyo a an anglè.
Etid nan 38 Lekòl Montre Enpak Aprantisay Sosyo-Emosyonèl
Partnerships for Social Emotional Learning Initiative (PSELI) se yon inisyativ konplè ki ap eksplore kijan timoun kapab benefisye de patenarya ant lekòl yo ak pwogram andeyò lekòl yo ki konsantre sou devlopman ladrès sosyoemosyonèl. Klike la a pou w li plis.
Oktòb se Mwa Konsyantizasyon sou Moun Andikape 
De premye semèn nan mwa Oktòb chak ane se Semèn Konsyantizasyon sou Moun Andikape. Se seksyon 1003.4205 Lwa Florid ki kreye selebrasyon sa a. Lwa a ankouraje lekòl yo pou bay enfòmasyon sou istwa andikape yo epi vulgarize kontribisyon yo.