Vandredi 20 Novanm 2020
Mesaj Sipèentandan Doktè Donald E. Fennoy II

Chak vandredi Sipèentandan Doktè Donald E. Fennoy II ap fè w konnen sa k ap pase nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la.


Pwofesè nan Delray resevwa sipriz nan men manm kominote a ak yon donasyon Kodenn pou Pwofesè.

Vakans Aksyondegras se 23 Novanm pou 27 Novanm. Lekòl ap rekòmanse Lendi 30 Novanm. Nan dat sa a, pitit ou a ap kontinye resevwa enstriksyon nan fason ou te chwazi pou premye semès la: anpèsòn oswa nan aprantisay adistans.
Ayala se Nouvo Manm Komite Direksyon Distri a
Alexandria Ayala prete sèman nan Komisyon Direksyon Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Ayala pral reprezante Distri 2 pou yon manda kat ane. Nan menm reyinyon an, Barbara McQuinn ak Frank Barbieri prete sèman pou sèvi yon nouvo tèm kat ane apre yo fin genyen reeleksyon yo. Klike la a pou w li plis.
Opòtinite Kòmanse Karyè nan Edikasyon pou Elèv
Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la selebre pwofesè yo chak jou, avèk yon efò espesyal tankou aktivite “Remèsye yon Pwofesè” chak de jedi. Nan lespri sa a, 20 novanm se yon jou espesyal Distri a mete sou kote chak ane pou onore elèv ki vle vini pwofesè apre yo fin gradye. Klike la a pou w li plis.

Remèsye Yon Pwofesè

Molly Bronson, Gloria Artidiello, ak Maureen Press se pwofesè nan Lekòl Elemantè Sunrise Park. Yo panse yo ta pral nan yon trening, men se te yon vizit sipriz pou anonse yo se yo ki pwofesè pou semèn nan. Konpliman pou twa pwofesè yo ak tout lòt ki te jwenn nominasyon pou lekòl la. Klike la a pou gade videyo a...
Kominote a Selebre Pwofesè yo nan Okazyon Thanksgiving

Pwofesè nan Delray resevwa yon bèl sipriz pou gwo travay yo.

Òganizasyon Eat Better Live Better ak lòt manm kominote a mete tèt yo ansanm pou distribye plizyè santèn kodenn bay pwofesè nan sis lekòl elemantè Delray Beach. Klike la a pou w gade videyo a..
Chèf polis Distri Lekòl Frank Kitzerow te chita pou yon konvèsasyon enpòtan sou sekirite ak sekirite nan yon Facebook Live.
[Klike imaj yo pou w wè pòs Facebook la]

Suiv @pbcsdkreyol sou Facebook, Twitter, ak Instagram pou jwenn mizajou
nouvèl an Kreyòl.