30 Janvye 2024
Distri A Ap Selebre Ogmantasyon Pousantaj Gradyasyon Pou Ane 2023 A
Pousantaj gradyasyon pou lekòl nan Rejyon Palm Beach yo depase gwo distri iben nan eta Florid la epi depase mwayèn eta a, dapre Depatman Edikasyon Florid (FDOE).

Pousantaj gradyasyon an te ogmante soti 89% pou rive 90.5% an jeneral, epi soti 92.8% pou rive 94.1% pou lekòl distri dirije dirèkteman yo. Pandan yon peryòd senk ane,
to gradyasyon an te ogmante pa 3.4%.
Sipèentandan Burke Ap Mete Men Nan Pat La
Nan epizòd sa a, Sipèentandan Mike Burke vizite sa li rele "youn nan klas ki pi fre nan Distri a" nan nouvo Lekòl Segondè West Boynton kote elèv yo ap aprann tout bagay sou finans.

Remèsye Yon Pwofesè Kòm Pwofesè Semèn Nan
Barbra Knickerbocker se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Palm Beach Public. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a. Li resevwa yon chèk $250 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif pou ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li.

Enskri Pou Maraton Mache Take Stock In Children 2024 La
Patisipe ak òganizasyon Take Stock in Children Samdi 17 Fevriye nan yon bèl kous 5K ki ap kòmanse nan Ocean Walk Singer Island pou travèse pon 65 pye Blue Heron nan.

Tout lajan ki ap kolekte pandan marathon sa a se ap pou sipòte ak bousdetid pou peye kolèj Florida Prepaid pou jèn ki gen difikilte ekonomik epi ki nan kategori sa ki genyen risk yo nan pwogram Take Stock in Children nan Rejyon Palm Beach.
Elèv Ap Eksplore Opsyon Karyè Nan Endistri Otomobil Lokal Yo
Depatman Chwa ak Opsyon Karyè nan Distri a ansanm ak CareerSource Rejyon Palm Beach, Chanm Komès Delray Beach, ak Vil Delray, montre elèv ki soti nan kat lekòl segondè nan distri a divès chemen yo kapab suiv pou travay nan konsesyonè machin. nan zòn nan.
Distri A Vle Tande Opinyon W!
Kesyonè Efikasite Lekòl yo rele SEQ an anglè bay lekòl yo ak Distri a enfòmasyon enpòtan pou devlope ak soutni yon Kilti ki Konsantre sou Elèv epi ki fè pwomosyon Ekselans ak Kwasans Akademik, ki se tèm santral nan Plan Estratejik Distri a. Peryòd sondaj la ouvri kounye a pou paran elèv ki enskri nan nivo elemantè, mwayen ak segondè. Li adrese tèm tankou Klima Lekòl, Sante Mantal ak Byennèt, epi Patisipasyon Paran.

Men Finalis Pou Direktè Ak Asistan Direktè
Pou Ane A Nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach La

An kolaborasyon ak Fondasyon Edikasyon nan Rejyon Palm Beach la, Distri a ap genyen pou onore tout finalis Selebre Anplwaye Eksepsyonèl yo epi anonse gayan yo nan dat premye fevriye 2024. Klike sou videyo ki anba yo pou w aprann plis sou chak finalis yo.
FINALIS POU DIREKTÈ
FINALIS POU ASISTAN DIREKTÈ