14 Septanm 2026

 
Facebook  Instagram  X  YouTube
Yon ranje 13 elèv ki kanpe kòtakòt

Prepare Avni W!

Patisipe Nan Ekspozisyon Lekòl Yo Nan Dat 6 Oktòb La

 

Nou envite fanmi ki ap chèche opòtinite akademik eksepsyonèl nan Rejyon Palm Beach la nan yon evènman gratis. Y ap gen opòtinite dekouvri plis pase 100 lekòl ki ofri divès pwogram ak opsyon akademik yon sèl kote, madi 6 Oktòb, nan South Florida Fairgrounds Expo Center, soti 4è nan apremidi pou rive 8è nan aswè.

 

Klike la a pou plis enfòmasyon sou Ekspozisyon Lekòl Yo.

Premye Pri "Remèsye Yon Pwofesè" pou Ane Lekòl La Rekonèt Emmanuel Fergile Yon Konpatriyòt Nou

Foto yon gason ki kenbe yon sètifika ak yon fi bòkote li

Premye moun ki ranpòte pri pou ane lekòl 2026-2027 la se Emmanuel Fergile, yon konpatriyòt nou. Li se yon pwofesè mizik eksepsyonèl nan Lekòl Elemantè Highland.

 

Mesye Fergile kwè mizik gen yon pouvwa espesyal pou rasanble moun, epi li sèvi avèk li chak jou pou ede elèv li yo devlope konfyans nan tèt yo ak disiplin pèsonèl.

 

Pou selebre devouman li, patnè biznis nou an ki merite anpil lwanj, HCA Florida Healthcare, te fè l yon sipriz nan klas li a ak yon chèk $500!

 

Klike la a pou gade videyo a.

Pòtay Ou Pou Antre Nan Akademi Militè Yo

De ranje elèv ki kanpe ak bra kwaze dèyè do yo ak inifòm JROTC

Lekòl Segondè Olympic Heights resevwa yon distenksyon prestijye ki pèmèt enstriktè pwogram *Marine Corps Junior Reserve Officer Training Corps* (MCJROTC) li yo nonmen kadè ki kalifye pou antre nan akademi militè tankou West Point ak Akademi Marin Etazini (U.S. Naval Academy). Sa pèmèt elèv yo jwenn yon nominasyon ki, nòmalman, se yon manm Kongrè a ki konn bay li.

 

Pwogram MCJROTC nan Olympic Heights se youn nan de sèl pwogram nan rejyon Sidès la ki resevwa onè elit sa a.

 

Klike la a pou w li plis. 

Prezantasyon Espesyal Lekòl: 

ďťżVillage Academy on the Art & Sara Jo Kobacker Campus

Foto yon fi pwofesè ak yon elèv devan klavye yon konpitè

Sa ki fè Village Academy espesyal se modèl global K-12 li a. Elèv yo bati relasyon ak pwofesè yo, anplwaye yo, ak lòt elèv yo ki dire pandan plizyè ane.

 

Rankontre elèv ak anplwaye Lekòl Mwayen Wellington Landings.

 

• Klas: K-12

• Maskòt: Tig

• Koulè: Nwa ak Oranj

 

400 SW 12th Ave.

Delray Beach, FL 33444

561-243-6100

Felisitasyon Pou Sèvis Kliyantèl: Coretta Williams

Espesyalis Teknoloji Enfòmasyon

Foto estil idantite yon fi ki ap souri

“Madam Coretta Williams toujou kòmanse jounen an avèk yon atitid pozitif, epi se li menm ki toujou premye moun ki ofri pou l fè yon travay. Antanke yon moun ki aktif epi ki pran inisyativ, li bay tout ekip la yon èd ki gen anpil valè.

 

Kòlèg li yo konnen yo kapab konte sou li pou jwenn ankourajman ak motivasyon.”

 

Nonmen yon moun ki merite felisitasyon pou jan li bay bon sèvis kliyantèl.

Pankat Fwa Kolèj Ak Karyè al foto yon jenn elèv nwa fi ak yon gason nwa ki ak chapo gradyasyon
Vaksinasyon gratis pou elèv