Madi 20 Jiyè 2021
Plan Akademik Pou Ane Lekòl 2021-2022
Lòd Egzekitif Gouvènè a ki te pèmèt Aprantisay Adistans pandan ane lekòl 2019-2020 an ekspire. Sa vle di ke aprantisaj adistans pa yon opsyon lè lekòl reouvri nan rejyon Palm Beach 10 Out 2021. Klike la a pou w li opsyon pou ESE ak ESOL.
Yon Ansyen Elèv Lekòl Segondè Boynton Beach ap Patise Nan Olenpik la
Jessica Ramsey, yon ansyen elèv nan Lekòl Segondè Boynton Beach pral patisipe nan Jwèt Olenpik ane sa a nan Tokyo. Nan lansman pwa li te bay yon pèfòmans ki depase tout konpetitè l yo pou l te kalifye pou reprezante Etazini. Gade videyo a.
Pwogram Anrichisman Pandan Ete a Ede Elèv Akademikman Pandan vakans la Pwogram Akademik Distri a ofri yo elèv opòtinite aprann, distrè yo, epi fè echanj sosyal ak kanmarad yo. Pwogram sa yo te planifye pou konble defisi akademik anpil elèv te sibi akoz Covid-19 la. Klike la a pou w gade yon ti repòtaj videyo. 
Pwofesè ak Elèv Rejyon Palm Beach la Bezwen ou
Èske ou ka ede youn, dis, yon santèn, oswa plis elèv byen kòmanse ane lekòl la? Patisipe nan maraton pou valiz ak founiti klasik ki kòmanse depi kounye a pou rive 9 out. Klike la a pou w li plis.
Pwogram Metye Nan Sant Edikasyon West Tech Pou Nouvo Gradye
Jounen Enfòmasyon pou pwogram pou metye pou nouvo gradye ansanm ak enskripsyon ap fèt nan West Tech Jedi 22 jiyè soti nan 9 a.m. pou rive 12 p.m., epi 2 p.m. pou rive 5 p.m. nan 2625 State Road 715 nan Belle Glade. Pou plis enfòmasyon kontakte (561) 561-829-4620.
Sonje Pou w Enskri Pou Transpòtasyon
Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la egzije pou tout elèv ki pral itilize transpòtasyon nan bis yo pou ane lekòl 2021-2022 an enskri nan Depatman Transpòtasyon an. Sa a pèmèt elèv la deja anrejistre nan pakou yon bis. Klike la a pou w li plis.
W ap Chache Jòb? Vin Travay ak Ekip Transpòtasyon Distri a
Distri a aktyèlman ap anplwaye chofè bis. Si ou enterese jwenn yon travay orè fleksib, ki genyen benefis, vin nan fwa anbochaj la ki ap fèt Jedi 22 Jiyè nan 3376 Summit Blvd. nan West Palm Beach.
Aplike sou entènèt kounye a oswa rele 561-242-6515 pou plis enfòmasyon.
Vaksen Disponib Pou Elèv Pou Reouvèti Lekòl
Vaksen disponib pou elèv kindègatenn, klas setyèm, ak nouvo elèv ki ap rantre lekòl nan Rejyon Palm Beach la. Y ap jwenn opòtinite pou pran vaksen nan Sant Akèy Distri a chak mèkredi.
Distribisyon Manje Gratis Pandan Vakans la
Sèvis Manje Manje Lekòl la ap kontinye distribye manje gratis pandan vakans ete a apati madi 22 jen nan plizyè lokal. Y ap ajoute plis lokal lendi 28 jen. Tout sit ki gen lekòl pandan vakans oswa kan ete yo ap ouvri pou distribiye manje. Klike la a pou w li plis.
Suiv Medya Sosyal Kreyòl Distri a Pou Enfòmasyon
Suiv medya sosyal Kreyòl Distri a pou montre enpòtans lang Kreyòl Ayisyen ak nesesite pwogram bileng Kreyòl/Anglè nan distri a tankou pwogram Panyòl/Anglè yo. Gen TWITTER, FACEBOOK, INSTAGRAM. Suiv nou sou @PBCSDKreyol.