Vandredi 16 Avril 2021

Chak vandredi Sipèentandan Doktè Donald E. Fennoy II ap fè w konnen sa k ap pase nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la.


Lekti se Baz Aprantisay

Aprann li se youn nan pi gwo akonplisman debaz nan lavi yon timoun.

Men senk ti konsèy enpòtan pou ede elèv avan kindègatenn kòmanse aprann li. Klike la a pou w gade videyo a.

Yon Elèv nan Lekòl Spanish River Resevwa Prim Kouraj

Zane Wring, yon elèv nan klas tèminal nan Lekòl Segondè Spanish River, resamman resevwa prim Jersey Mike’s Naismith High School Basketball Courage Award.

Prim sa a yo bay yon jwè baskètbòl nan lekòl segondè li pou kouraj li montre nan ekip li, lekòl li, ak nan jwèt la nan kominote a. Klike la a pou w gade videyo a.
Fondasyon Edikasyon Ofri Plis Founiti Klasik

Fondasyon Edikasyon nan Rejyon Palm Beach inogire yon seksyon Konstriksyon STEM nan magazen li ki se Red Apple Supplies pou lekòl Tit 1 ki kalifye. Klike la a pou w gade videyo a.


Semèn sa a aktivite "Remèsye yon Pwofesè: An toune" te nan Lekòl Mwayen Jeaga pou konplimante Patricia Brandine, Rickey Brown, ak Tiffany Scott elèv yo te nonmen pou Pwofesè pou Semèn nan. Klike la a pou w gade videyo a.
Suiv @PBCSDKreyol sou Facebook, Twitter, ak Instagram pou jwenn mizajou
nouvèl nan lang Kreyòl Ayisyen.