Madi 13 Avril 2021
Mizajou pou Nouvo Ane Lekòl 2021-2022
Sipèentandan Donald Fennoy resamman anonse nan yon lèt pou paran dezisyon pou tout elèv retounen lekòl anpèsòn pou nouvo ane lekòl 2021-2022 a. Li anonse ap toujou genyen chwa pou lekòl vityèl pou elèv ki vle. Klike la a pou w li plis.  
Distri a Resevwa Prim Pou Edikasyon Mizik
Pou yon senkyèm ane afile, Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la resevwa prim pou Edikasyon Mizik nan men Fondasyon National Association of Music Merchants (NAMM). Deziyasyon sa a se pou distri ak lekòl ki demontre angajman eksepsyonèl ak aksè nan edikasyon mizik. Klike la a pou w li plis.
Desizyon Ijans Depatman Edikasyon Eta Florid (FLDOE) Konsènan Tès FSA / EOC
Gouvènè Ron DeSantis siyen yon Desizyon Ijans ki pral afekte elèv ki ap pran egzamen Eta Florid yo (FSA), egzamen fen kou yo (EOC), ak elèv ki nan klas k ap gradye ane sa a. Klike la a pou w li plis.
Prepare Pitit ou pou Kindègatenn
Lekòl elemantè yo ap prepare reyinyon pou bay paran ki gen pitit ki pral rantre nan kindègatenn enfòmasyon sou chak lekòl yo. Klike la a pou w li plis.

Medya Sosyal Kreyòl Distri a Bezwen Nou Suiv Yo
Suiv medya sosyal Kreyòl Distri a pou montre enpòtans lang Kreyòl Ayisyen ak nesesite pwogram bileng Kreyòl/Anglè nan distri a tankou pwogram Panyòl/Anglè yo. Gen TWITTER, FACEBOOK, INSTAGRAM. Suiv nou sou @PBCSDKreyol.