Paran! Kounye A Se Bon Moman An Pou Vin Fè Pati
Ekip Palm Beach La
Rejwenn nou Mèkredi 3 Avril, 11 a.m. - 2 p.m. nan South Florida Fairgrounds â Expo Center pou anbochaj travay nan tout distri a!
Tout 182 lekòl yo ak plizyè depatman ap patisipe! Evènman sa a pral gen ladan l tout Lekòl Distri a ki ap vini ekspoze pozisyon pou travay yo genyen disponib. Anpil nan Depatman nan Distri a pral anboche pèsonèl ki pa nan domèn ansèyman tou pou tout pozisyon (parapwofesyonèl, travayè gadri apre lekòl, sèvis manje lekòl, chofè bis, elatriye).
Pozisyon yo ap pou ane lekòl aktyèl la 2023-2024 ak ane lekòl 2024-2025 la. Ou pa bezwen randevou. N ap ofri travay sou plas!