9 Mas 2026

 
Facebook  Instagram  X  YouTube

Ekonomize Pou Avni Pitit Ou

 

Fè menm jan ak plis pase 1.2 milyon fanmi ki ap ekonomize pou avni pitit yo ak Plan Prepeye pou Inivèsite Florid ki pèmèt fanmi yo fikse alavans pri inivèsite a ak peman mansyèl ki pa p chanje. Enskripsyon ouvri aktyèlman pou rive jiska 30 avril.

 

Jwenn plis enfòmasyon osijè Plan Prepeye pou Inivèsite Florid yo.

De Lekòl Nan Distri A Resevwa Pri Ekselans ECTAC

Sant Asistans Teknik Kot Lès la (ECTAC) nonmen Lekòl Elemantè Coral Sunset ak Lekòl Mwayen Crestwood kòm Lekòl ki Depase Atant yo pou ane 2026 pa.

 

Lekòl yo resevwa pri sa a sou baz siksè yo nan aprantisaj, akonplisman akademik tout gwoup elèv, san konte elèv ki ekonomikman dezavantaje yo.

 

Li plis sou deziyasyon sa a.

Michelle Galgano Se Nouvo Gayan Pwofesè Pou Semèn Nan

Michelle Galgano se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Elemantè Elbridge Gale. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a.

 

Li resevwa yon chèk $500 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li ak devouman li nan travay li.

 

Klike la a pou gade videyo a.

Felisitasyon Pou Sèvis Kliyantèl: Doktè Julie Delapenha

Asistan Administratif Nan Lekòl Segondè Boynton Beach

"Doktè Delapenha bay yon sipò eksepsyonèl nan fason senp epi efikas li sèvi moun. Li genyen tou yon atitid pozitif pou reponn ak demand tout moun.

 

Angajman li ak lespri kolaborasyon li fè li yon resous ki gen anpil valè."

 

Nonmen yon moun ki merite felisitasyon pou sèvis kliyantèl.


Inisyativ Felisitasyon Pou Sèvis Kliyantèl rekonèt angajman eksepsyonèl yon anplwaye demontre nan travay li pou byen sèvi moun. 

Prezantasyon Espesyal Lekòl:

Lekòl Elemantè Royal Palm Beach

Lekòl la klase nivo "A" depi li te ouvri nan ane 2002. Yo swiv twa règ pou reyisi: rete an sekirite, respekte moun, epi aprann.


Rankontre elèv ak anplwaye Lekòl Elemantè Royal Palm Beach.


• Klas: K-5

• Maskòt: Lenks

• Koulè: Blan, Ble, Lò, ak Vèt


11911 Okeechobee Blvd.

Royal Palm Beach, FL 33411

561-633-4400


Patisipe Nan Konkou Redaksyon America250FL

Pou Selebre 250yèm Anivèsè Etazini

Konkou Redaksyon America250FL la ouvè pou tout elèv ki ale nan nenpòt lekòl Florid ki nan klas 6yèm jiska 12yèm ane (lekòl piblik, endepandan, prive, adomisil, oswa vityèl). Y ap chwazi uit gayan (twa elèv lekòl mwayen ak senk elèv lekòl segondè), epi chak gayan ap resevwa yon bousdetid.

 

Patisipan yo genyen jiska 5è aprèmidi lendi 16 mas 2026 pou soumèt redaksyon yo.

 

Klike la a pou plis enfòmasyon ak kijan pou w patisipe.