13 Me 2024
Ofisyèlman Nou Nan Peryòd Gradyasyon!
 
Seremoni gradyasyon pou pwomosyon 2024 la ap fèt nan South Florida Fairgrounds Expo Center ki nan 9067 Southern Blvd, West Palm Beach, FL 33411.
 
Tout 32 seremoni gradyasyon yo ap retransmèt an dirèk sou The Education Network (TEN), Xfinity Kanal 235, AT&T U-verse kanal 99, epi y apretransmèt an dirèk sou kanal YouTube Distri a: youtube.com/sdpbc/live.
 
Remèsye Yon Pwofesè Kòm Pwofesè Pou Semèn Nan
Ashley Beene se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Elemantè Palm Springs. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a. Li resevwa yon chèk $250 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif pou ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li.

Regleman Pou Seremoni Gradyasyon
TIKÈ ADMISYON: Tout patisipan yo bezwen yon tikè pou rantre pou patisipe nan chak seremoni gradyasyon.

MEN SA KI ENTÈDI ANNDAN AN: Balon, enstriman pou fè bri, flè, ak gwo pankat.

SEKIRITE: Tout patisipan ap gen pou pase nan eskanè Biwo Polis Rejyon Palm Beach la.


Distri A Selebre Semèn Apresyasyon Pwofesè 
Pandan semèn 6-10 me a, Distri a te selebre pwofesè li yo ki gen pasyon ak devouman pou edike, afime, ak enspire elèv nou yo pi lwen pase nan klas la. Plis pase jis edikasyon, pwofesè yo jwe yon wòl enpòtan nan devlopman yon timoun pandan y ap ankouraje, ak motive elèv yo pou rive atenn tout potansyèl yo.


Seremoni Remiz Prim 2024 Pou Volontè ak Patnè Biznis
Felisitasyon pou gayan Prim Volontè ak Patnè Biznis pou ane sa a yo te selebre epi rekonèt dènyèman nan Dejene Prim Volontè ak Patnè Biznis yo. Distri a fyè pou l onore moun ak òganizasyon ki bay tan yo, talan yo ak resous yo pou sipòte elèv yo ak anplwaye yo.

Anons Gayan Bousdetid Nasyonal Merit Pou 2024 La
Senk elèv Distri a pami gwoup elit gayan bousdetid $2.500 nan Pwogram Bousdetid Nasyonal Merit 2024 la. Gayan yo te chwazi nan yon gwou elèv ki gen anpil talan ki gen plis pase 15.000 finalis.

Felisitasyon pou:

Omar Castillo – Seminole Ridge Community High

Jacob Liu – A.W. Dreyfoos School of the Arts

Tobias Smith – Wellington Community High

Vyapti Shahani Subramaniam – Suncoast Community High

Jaydan Sumser – Atlantic Community High