Madi 1ye Jen 2021
Gradyasyon Ap Kòmanse Semèn Sa a
Konpliman Pwomosyon 2021 an! Gradyasyon ap fèt nan South Florida Fairgrounds soti 3 Jen pou rive 19 Jen. Klike la a pou w jwenn orè gradyasyon yo ak règleman enpòtan.
Asosyasyon Edikatè Ayisyen Bay Elèv Bousdetid
Asosyasyon Edikatè Ayisyen (HEA) nan Rejyon Palm Beach anonse non elèv ayisyen nan klas tèminal ki genyen bousdetid pou ane akademik 2020-2021 an. Klike la a pou w li plis.
Fè Plan Pou w Byen Pase Granvakans Ete a
35 lekòl ap ofri kan pandan granvakans ete a apati 21 jen.

Si w genyen yon timoun ki genyen 4 ane ki pa t nan VPK ane sa a, ou kalifye pou VPK gratis nan Village Academy ki nan Delray Beach. Enskri la a.

Kontinye aprann lakay ou pandan vakans la ak plizyè aktivite. Klike la a.
Enskri Pou w Jwenn Founiti Klasik Gratis Pandan Vakans la
Si w abite nan yon zòn ki kalifye nan Rejyon Palm Beach la, pitit ou kapab resevwa founiti klasik gratis ak lòt resous ankò nan aktivite Rantre Lekòl PBC ki ap fèt Samdi 24 Jiyè 2021. Dat limit pou w enskri pou patisipe se vandredi 4 jen. Klike la a pou w wè si w kalifye pou enskri ak kòd "PBCOCR".
Suiv Medya Sosyal Kreyòl Distri a Pou Enfòmasyon
Suiv medya sosyal Kreyòl Distri a pou montre enpòtans lang Kreyòl Ayisyen ak nesesite pwogram bileng Kreyòl/Anglè nan distri a tankou pwogram Panyòl/Anglè yo. Gen TWITTER, FACEBOOK, INSTAGRAM. Suiv nou sou @PBCSDKreyol.