21 Avril 2025

 
Facebook  Instagram  X  YouTube
Resous Pou Fanmi Yo
Kalandriye 2024-2025
Santim Ou Ap Travay

Selebre Moun Ki Sipòte Elèv, Pwofesè, Ak Lekòl Nou Yo

 

Felisitasyon pou gayan Prim Volontè ak Patnè Biznis ane sa a ki te onore vandredi 11 avril la nan Dejene Prim Volontè ak Patnè Biznis ki te fèt Kravis Center for the Performing Arts. Plis pase 40.000 volontè devwe ak 1.200 patnè biznis lokal sipòte lekòl yo, elèv yo, ak anplwaye yo nan plizyè fason chak jou.

 

Klike la a pou w wè lis konplè gayan yo.

 

Klike la a pou w gade yon rezime evènman an.

Jedi 24 Avril Se Jou Pou Mennen Pitit Gason

ďťżAk Pitit Fi Nou Travay Ak Nou

Jedi 24 Avril la se Jou Pou Mennen Pitit Fi ak Pitit Nou yo Travay ak nou. Jou sa a, Distri a pral pèmèt elèv (K-12) akonpaye yon paran oswa responsab nan espas travay yo.

 

Elèv yo ta dwe soumèt yon nòt bay lekòl yo ak notifikasyon sou absans yo pou yo resevwa yon absans eskize.

 

Anplwaye Distri a ki vle mennen pitit yo ki nan laj lekòl yo nan espas travay Distri a dwe  jwenn apwobasyon davans nan men sipèvizè yo.

 

Klike la a pou aprann plis.

N ap Enskri Elèv Jadendanfan Pwomosyon 2038 La 

Elèv ki pral nan jadendanfan yo ak paran yo te gen chans vizite pwochen lekòl yo prale pandan aktivite Lansman Jadendanfan Distri a te òganize. Yo te aprann kijan yon jounen lekòl pase; yo te rankontre kèk nan anplwaye yo, epi yo te vizite lekòl yo prale a. Si w te sa pou lekòl ou a, pa gen pwoblèm. Klike la a pou w enskri sou entènèt.

 

Klike la a pou w wè yon rezime. 

Remèsye Yon Pwofesè Kòm Pwofesè Pou Semèn Nan

Crystal Barletta-Costello se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Segondè Wellington. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou anons sa a.

 

Li resevwa yon chèk $350 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif pou ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li ak devouman li nan travay li.


Klike la a pou nonmen yon pwofesè!

 

Klike la a pou gade videyo a.

Depatman Polis Distri A Sipòte Olenmpik Espesyal

Plis pase 100 ajan polis ki soti toupatou nan Rejyon Palm Beach la, ki gen pami yo sa ki soti nan Distri a, te patisipe nan 2025 Law Enforcement Torch Run pou Special Olympics. Evènman anyèl sa a ogmante konsyantizasyon ak montre sipò pou atlèt Special Olympics yo. Kous 3 mil sa a te bout nan Lekòl Royal Palm School, kote elèv yo te resevwa ajan polis yo ak anpil aplodisman. Elèv yo te pale ak ajan yo, chen terapi, epi eksplore machin polis yo.

 

Klike la a pou w gade yon rezime bèl evènman sa a.