Vandredi 20 Out 2021
Sipèentandan Mike Burke ap bay mizajou sou pwotokòl COVID-19, kòmansman sezon foutbòl ameriken pou lekòl segondè, anbochaj pou travay, ak plis ankò.



Lòt Enfòmasyon Ou Dwe Konnen

Enfòmasyon Enpòtan Sou Mas Ak Rete-Lakay: Apati Lendi 23 out mas obligatwa pou tout elèv nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la selon nouvo règleman Komite Direksyon Distri a voto. Lèt ekzansyon paran te voye pa valab ankò. Klike la a pou w li plis.

Sipò pou Ansèyman Elèv ki sou Rekòmandasyon pou Rete Lakay yo: Klike la a pou jwenn enfòmasyon enpòtan sou kijan pou elèv ki genyen rekòmandasyon pou rete lakay yo jwenn devwa lekòl yo.

Tablo COVID-19: Nan yon efò pou rete transparan, Distri a ap fè mizajou sou TABLO COVID-19 chak jou pou bay kantite ka ki konfime yo.

Tès Antigen Rapid nan Lekòl yo: Enfimyè lekòl yo kontinye ap fè tès BinaxNOW Rapid Antigen pou elèv ki montre sentòm COVID-19 epi ki genyen pèmisyon pou fè sa nan dosye yo. Klike la a pou w aprann plis sou tès COVID-19 rapid la nan lekòl yo.
Ogmantasyon Salè Pou Pwofesè Sipleyan
 
Travay pwofesè sipleyan ofri orè fleksib. Kounye a salè yo ogmante $1 pa èdtan ak opòtinite pou fè yon ekstra $3 pa èdtan si yo travay nan yon seri lekòl.

Rapèl Sou Lè Pou Depoze Elèv Lekòl
Nan yon efò pou asire elèv yo an sekirite pandan yo sou kanpis lekòl yo, Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la vle raple paran, responsab, ak tout fanmi elèv yo ke timoun yo pa p genyen sipèvizyon si yo depoze yo sou lakou lekòl yo plis pase 30 minit avan klas kòmanse. Gade videyo sa a pou plis enfòmasyon.
Yon Elèv nan Suncoast Genyen Yon Rekò Mondyal
Li pran Tommy Cherry sèlman 15.27 segond pou bat yon rekò mondyal pandan li nan lekòl segondè. Gade videyo sa a, pou w tande poukisa Tommy bay kredi pou pwofesè l yo ak pwogram akademik nan Lekòl Segondè Suncoast ki ede l vin bat rekò moun ki klase kib Rubik la ak je bouche pi vit.
Al Achte Founiti Klasik Byen Prepare Elèv yo
Volontè Take Stock in Children ak lidè distri yo pèmèt elèv pran avantaj de opòtinite pou al achte founiti klasik pou $200. Konseye Take Stock in Children yo ap kontinye bay sipò ak opòtinite pou elèv pandan tout ane lekòl la. Tande temwayaj elèv yo.
Elèv Byen Kòmanse Lekòl Gras Ak Office Depot
Elèv nan Lekòl Elemantè South Grade ak Gove ap mache ak bèl valiz nan do yo ki plen ak founiti klasik. Anplwaye Office Depot ak lidè distri yo te vizite lekòl yo pou distribiye donasyon sa yo pou ede yo byen kòmanse nouvo ane lekòl la.
Elèv nan Lekòl Segondè West Boca ap danse depi kòmansman rantre lekòl la. Deziyasyon sa a yo bay distri ak lekòl ki demontre yon angajman eksepsyonèl nan aksè nan edikasyon mizik. Rejyon Palm Beach se youn nan sèlman senk distri lekòl nan Florid ki resevwa distenksyon pou 2021.
Suiv @PBCSDKreyol sou Facebook, Twitter, ak Instagram pou jwenn mizajou
nouvèl nan lang Kreyòl Ayisyen.