Elèv Lekòl Segondè Seminole Ridge
Ap Bati Plis Pase Yon Karyè
Se pa chak jou ou wè yo vini depoze yon kay nan plas li. Se egzakteman sa ki te pase madi 2 me nan 17th Street nan West Palm Beach. Elèv Weitz Construction Academy nan Lekòl Segondè Seminole Ridge fèk finalize konstriksyon 10yèm kay Habitat for Humanity.
Elèv Weitz Construction Academy yo pase ane akademik la ap bati yon kay 1.200 pye kare, twa chanm, de twalèt. Nan fen ane lekòl la, kay la te transpòte ale nan sit pèmanan li kote yon fanmi yo chwazi nan pwogram Habitat for Humanity pral pran posesyon li.
Ou vle aprann plis sou pwogram Ochwa ak Karyè Distri a? Klike la a!