3 Novanm 2025

 
Facebook  Instagram  X  YouTube

Aplikasyon Pou Pwogram Chwa Yo Ouvè Jodi A 3 Novanm

 

Fanmi ki gen elèv kii ap antre nan jadendanfan jiska 12yèm ane kapab chwazi pami yon varyete pwogram etid ki baze sou tèm Edikasyon Teknik ak Karyè nan nivo lekòl elemantè, mwayen ak segondè ki bay ansèyman akademik inovatè ak solid pa pwofesè ki resevwa fòmasyon espesyal.

 

Aplikasyon Pou Pwogram Chwa yo pou ane lekòl 2026-2027 la disponib apati jodi a

3 Novanm nan mypbchoiceapp.com

 

Gade Liv Pwogram Chwa ak Akademi Karyè 2026-2027 la a.

 

Vizite sit entènèt Chwa Lekòl la pou plis enfòmasyon.



Distri Lekòl Rejyon Palm Beach se Meyè Cwa w. 

Dèyè Badj La: Ajan Polis Jodi Novella

Nan Lekòl Elemantè Grassy Waters

Seri “Dèyè Badj la” fè nou fè konesans ak gason ak fanm enkwayab ki nan Depatman Polis Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la.

 

Mwa sa a, nou nan Lekòl Elemantè Grassy Waters pou rankontre Ajan Polis Jodi Novella.

 

Li ap travay nan lekòl la pandan sis ane, kote li tabli fondasyon epi devlope bon relasyon ak elèv yo ansanm ak anplwaye yo.


Sipò w te bay referandòm 2022 a ede jwenn fon lajan pou sekirite lekòl.

 

An n aprann konnen Jodi Novella.

Jessica Levitsky Se Gayan Inisyativ Pwofesè Pou Semèn Nan

Jessica Levitsky se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Segondè Jupiter. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a.

 

Li resevwa yon chèk $500 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li ak devouman li nan travay li. 

 

Klike la a pou gade videyo a.

Finalis Selebre Anplwaye Eksepsyonèl Yo Nonmen

Distri a nonmen finalis pou Direktè/tris, Asistan Direktè/tris, Pwofesè, ak Anplwaye ki gen rapò ak Lekòl pou Ane 2025-2026 la.

 

Gade videyo finalis chak rejyon yo ki ap resevwa nouvèl nominasyon yo.

 

• Rejyon Santral

• Rejyon Glades

• Rejyon Nò

• Rejyon Sid