Vandredi 9 Desanm 2022
Anons Dat Seremoni Gradyasyon Pou 2023
 
Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la anonse orè seremoni gradyasyon pou pwomosyon 2023 a. Yo planifye seremoni pou 32 lekòl, akademi, ak pwogram nan tout Distri a.
 
Anplis sa ki ap fèt an pèsòn yo, seremoni gradyasyon yo ap retransmèt an dirèk sou The Education Network (TEN), Comcast kanal 235, AT&T U-verse kanal 99, epi yo pral difize yo an dirèk sou entènèt ak soutit.

PBCSD Ap Prepare Elèv Pou Vini Pwofesè
Pwogram Florida Future Educators of America (FFEA) ak Teachers of Tomorrow (ToT) bay yon fowòm pou ankouraje elèv chwazi ansèyman kòm yon karyè. Sa ki kalifye yo kapab aplike pou bousdetid FFEA ki bay $750 pa semès pou jiska senk ane. Klike la a pou w gade kijan Pwogram FFEA benefisye elèv Distri yo.
Remèsye Yon Pwofesè
Brandon Arnette se pwofesè ki genyen pri 'Remèsye Yon Pwofesè Pou Semèn Nan'. Li se yon pwofesè nan Lekòl Mwayen Jupiter. Inisyativ sa a rekonèt chak semèn yon pwofesè ke elèv, paran, ak estaf anplwaye nonmen pou devouman yo, pwofesyonalis yo, ak jan yo genyen enpak pozitif sou elèv. Klike la a pou gade videyo a. 
Donasyon Founiti Klasik Pou Lekòl
Jou ki te 2 desanm nan, anviwon 100 volontè ki soti nan Publix Super Markets te rejwenn Fondasyon Edikasyon Rejyon Palm Beach ak administratè Distri a pou distribye founiti gratis pou Lekòl yo. 
Gras ak jenewozite Publix, 120 lekòl Tit I te resevwa plis pase $201.000 founiti lekòl. Klike la a pou lis plis.
Kisa Paran Yo Dwe Konnen Pou Sezon Grip La

Teffanie Hoover, enfimyè Distri Swen Sante nan Rejyon Palm Beach, okipe pou teste elèv yo pou depistaj COVID-19 ak grip nan Lekòl Mwayen Conniston nan West Palm Beach.

Enfimyè lekòl yo nan PBCSD gen yon nouvo zouti ki kapab kounye a teste elèv yo
pou toude viris yo epi ki bay rezilta a nan kèk minit.

Paran yo bezwen gen yon "Konsantman pou tès COVID ak/oswa Grip ak Fòm Divilgasyon Dosye" nan dosye yo, epi bay pèmisyon pou tès COVID-19 oswa grip la. Sa a se anplis yon nouvo fòm — “Fòm PBSD 2667 Konsantman Paran/Responsab pou Sèvis Sante Lekòl la” paran yo te bezwen siyen ane sa a pou pèmèt yon enfimyè trete yon elèv.

Suiv @PBCSDKreyol sou Facebook, Twitter, ak Instagram pou jwenn mizajou
nouvèl nan lang Kreyòl Ayisyen.