18 Me 2026

 
Facebook  Instagram  X  YouTube
Yon fi nan yon match ki kanpe men anlè ap chofe ekip li

Ankouraje Pozitivite Nan Aktivite Espòtif Lekòl Segondè Yo

 

#BenchBadBehavior genyen pou objektif fè aktivite Espòtif  lekòl segondè yo tounen yon kote pozitif pou tout moun. Respekte abit yo, advèsè yo, antrenè yo, ansanm ak lòt fanatik parèy ou yo, epi selebre elèv ki fèt tout efò yo kapab.

 

Pa gate plezi espò lekòl segondè pou elèv nou yo. Ann bay bon egzanp epi #BenchBadBehavior pou tout bon!

 

Li plis bagay sou kanpay #BenchBadBehavior la.

Bòn Fèt Drapo Ayisyen

18 Me se fèt Drapo Ayisyen. Nan kad selebrasyon Mwa Eritaj Ayisyen, plizyè lekòl òganize aktivite pou fete Drapo Ayisyen ak elèv yo. Se avèk fyète elèv ak pwofesè mete abiman jou sa a ki reflete drapo yo.

 

Mwa Eritaj Ayisyen se Mwa selebrasyon istwa, kilti, koutim, tradisyon, ak kontribisyon peyi Ayiti ak ayisyen nan mond la. Se mwa pou pataje kilti sa a ak tout manm nan kominote kote Ayisyen ap viv.

 

Drapo Ayisyen an te kreye nan dat 18 Me 1803 nan vil Akayè. Drapo ofisyèl aktyèl la te adopte nan ane 1986. Jou 18 me tou se Fèt Inivèsite nan peyi Ayiti.  ďťż

Konbat Chalè A Avèk Atizay GRATIS Nan Mize Norton

Foto Bilding Mize Norton

Èske w ap chèche yon ti kote ki genyen pi bon "frechè" pandan ete a nan West Palm Beach?

 

Vizit gratis chak samdi retounen nan Mize Atizay Norton. Vini ak krèm pwoteksyon solèy ou epi prepare w pou eksplore.  

 

Soti Memorial Day rive Labor Day, rezidan Rejyon Palm Beach yo kapab vizite ekspozisyon yo san yo pa peye yon santim.

 

Aprann plis bagay sou vizit gratis nan Norton pandan ete a.ďťż

Christine Nasice Se Nouvo Gayan

Pwofesè Pou Semèn Nan

De fi ki kenbe nan men yo yon gwo chèk

Christine Nasice se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Segondè Palm Beach Gardens. Li resevwa vizit sipriz nan klas li pou jwenn gwo anons sa a.

 

Li resevwa yon chèk $500 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li ak devouman li nan travay li.

 

Klike la a pou gade videyo a.

Felisitasyon Pou Sèvis Kliyantèl: Johnshanes Hawkins

Asistan Nan Bis Lekòl

Yo fi chofè bis ki kanbe bòkote yon bis lekòl

"Johnshanes demontre yon swen eksepsyonèl lè l ap ede elèv yo soti nan bis rive nan bilding lekòl la.

 

Èd proaktif li asire yon kòmansman maten san pwoblèm ak pozitif pou elèv yo.

 

Sipò devwe sa a mete aksan sou angajman li pou l ede chak fwa yon bezwen rive."

 

Nonmen yon moun ki merite felisitasyon pou sèvis kliyantèl.


Inisyativ Felisitasyon Pou Sèvis Kliyantèl rekonèt angajman eksepsyonèl yon anplwaye demontre nan travay li pou byen sèvi moun. 

Trening Entelijans Atifisyèl (EA) Gratis

Pou Elèv Lekòl Mwayen Ak Segondè

Foto devan Cox Science Center and Aquarium

Sant Syans ak Akwaryòm Cox (Cox Science Center and Aquarium) ap ofri trening Entelijans Atifisyèl gratis pandan ete a pou anseye elèv lekòl mwayen ak segondè nosyon fondamantal entèlijans atifisyèl (EA) atravè eksperyans aprantisaj pratik epi kaptivan.

 

Trening yo ap bay nan mwa jen ak jiyè a nan Sant Syans Cox nan West Palm Beach.

 

Aprann plis sou trening yon jou yo epi enskri elèv ou a anvan vandredi 22 me.

Prezantasyon Espesyal Lekòl:

Lekòl Elemantè Jupiter

Yon adolesan gason ki kenbe yo papye devwa nan men li

Yon lekòl kominotè ki fyè epi ki genyen yon istwa rich nan domèn aprantisay ak koneksyon. Lekòl la te grandi epi evolye ansanm ak kominote vibran Jupiter/Tequesta li sèvi a.


Rankontre elèv ak anplwaye Lekòl Elemantè Jupiter.puJu


• Klas: K-5

• Maskòt: Tòti Lanmè

• Koulè: Ble, Oranj, Jòn



200 S. Loxahatchee Dr.

Jupiter, FL 33458

561-741-5300


Redekouvri Lekti An 2026: Li Byen, Viv Byen

Logo Bibliyotèk Rejyon Palm Beach

"Redekouvri Lekti" se selebrasyon Sistèm Bibliyotèk Rejyon Palm Beach ki dire tout yon ane a, ki la pou ede kominote a rekonekte ak lekti pou plezi.

 

Pwogram nan gen pou objektif fè Bibliyotèk la pi aksesib ak pi atiran pou tout lektè, kit se nouvo lektè, kit se moun k ap retounen, oswa moun ki jis kirye.

 

Rezidan Rejyon Palm Beach yo kapab aplike pou yon kat Bibliyotèk gratis sou entènèt oswa nan bibliyotèk yo pi pito a.


Aplike Pou Admisyon Nan Plis Pase 100 Lekòl Nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach Ki Gen Nivo "A"

Yon elèv gason chita nan yon laboratwa

Enskripsyon Ouvè Kontwole a pèmèt fanmi yo aplike pou yon plas nan nenpòt lekòl ki ap patisipe ki genyen plas disponib, kèlkeswa kote w rete.

 

Ou pa limite a lekòl ki nan zòn ou an, epi nenpòt fanmi ki ap viv nenpòt kote nan Florid kapab aplike.

 

Soumèt yon aplikasyon pandan Enskripsyon Ouvè Kontwole a depi kounye a jiska dat vandredi 22 me a pou ane lekòl 2026-2027 la.

 

Li plis osijè Enskripsyon Ouvè Kontwole a epi aplike.


Tablo lis selebrasyon pou mwa me
Grafik dat vaksinasyon nan Sant Akèy Distri a chak mèkredi nan mwa a.