Madi 21 Me 2019          
Podyòm Mwa Eritaj Ayisyen
Mwen gen fyète nan eritaj ayisyen m.

Mwen gen fyète nan lang ak kilti m.

Mwen gen fyète nan idantite m.

Mack Bernard
Majistra Rejyon Palm Beach
Vakans Prèske Rive: Paj Entènèt pou Elèv Aprann Pandan Vakans   
Elèv soti nan kindègatenn pou rive nan klas douzyèm kapab jwenn yon pakèt aktivite ak resous pou yo kontinye aprann pandan vakans ete a. Paj sa a genyen tout sijè yo ladan l, aktivite kominotè ak resous pou tout fanmi an.
* Lekti/Redaksyon
* Matematik
* Syans
* Syans Sosyal

Lekòl Elemantè Forest Park Selebre Mwa Eritaj Ayisyen
Nan yon atmosfè mizik, chante ak dans, Lekòl Elemantè Forest Park selebre Mwa Eritaj Ayisyen nan yon sware kiltirèl madi 21 me 2019.
Anprezans paran ak estaf lekòl la, elèv yo bay plizyè pèfòmans atistik pou reprezante kilti peyi yo, tradisyon ki make fòlklò li, ak istwa li. (Klike la a pou w li plis)
Prepare n pou Gradyasyon

Kè tout moun cho pandan plis pase 14.000 elèv nan 32 lekòl segondè ak akademi ap prepare pou gradye. Men kèk ti konsèy pou w kapab byen planifye:
  • Sonje fè zanmi nou ak fanmi nou ki pa p kapab patisipe nan seremoni gradyasyon yo konnen yo kapab gade l sou The Education Network (T.E.N.) ki sou Comcast Kanal 235 ak sou AT&T Kanal 99. Oswa yo kapab gade l sou entènèt si yo ale sou paj PalmBeachSchools.org.  
Tanpri suiv nou sou platfòm twitter kreyòl la?

Klike la a pou suiv nou sou Twitter @PBCSDKreyo l

Twitter se youn nan medya nou itilize pou bay nouvèl distri a.
Preparasyon ak distribisyon Biwo Kominikasyon ak Angajman
Bito David, Editè

pou enfòmasyon kontakte  bito.david@palmbeachschools.org |  561-738-2776  
Dwa Otè © 2018. Tout Dwa Rezève.