Madi 24 Septanm 2019
Pwofesè Panyòl pou Ane a

Yon gwo konpliman pou Solymar Figueroa , yon pwofesè nan Lekòl Elemantè New Horizons, ki nonmen Pwofesè Panyòl pou Ane a.
Mwa Eritaj Panyòl selebre pandan peryòd 14 septanm pou rive 14 oktòb.
"Remèsye Yon Pwofesè"
Gayan pou semèn nan

Papa Alise Deravines nonmen pwofesè Karyn Aurilio ak Mike Bruscell , nan Lekòl Elemantè Panther Run, pou remesye yo akoz yo te bay pitit li swen lè li te genyen yon kriz epilepsi nan kòmansman mwa a.
Papa Mennen Pitit nou Lekòl

Papa yo, gason ki jwe wòl model, sonje demen mèkredi 25 septanm se jou pou mennen pitit ou lekòl. Se yon aktivite senbolik pou motive patisipasyon ak sipò gason yo nan edikasyon timoun yo. 
Rechèch montre lè yon timoun genyen yon papa oswa yon gason ki jwe wòl papa nan vi l kòm modèl, sa ogmante amoupwòp li ak siksè akademik li.  Klike la a pou w li plis...
Eksplore Diferan Chwa Pwogram Lekòl Paran Genyen

Distri nou an se yon lidè nasyonal nan bay opòtinite aprantisaj pou ede elèv yo rive nan pi wo nivo potansyèl yo. Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la bay fanmi yo yon varyete opsyon chwa lekòl epi ankouraje paran yo pou yo eksplore tout sa nou gen pou ofri. Men yon lis opsyon ki disponib pou tout elèv nan rejyon Palm Beach la:  
Objektif staf nou pou ane a
Non mwen se MOISE DEROSIER

Mwen se yon ESPESYALIS nan
DEPATMAN PWOGRAM OCHWA .

OBJEKTIF MWEN se pou rive ede ogmante posiblite aksè ak opòtinite pou elèv nou yo patisipe nan pwogram syans konpitè nan diferan lekòl nou yo.
NIMEWO ENPÒTAN DISTRI A

Transpòtasyon......................561-357-1110

Operatè Telefòn....................561-434-8000

Pwogram Ochwa..................561-434-8755

Depatman ESE......................561-434-8740

Pwogram Apre Lekòl............561-687-6387

Biwo Sipèentandan..............561-629-8599

Komite Direksyon...................561-357-766