Madi 25 Me 2021
Lekòl Elemantè Pioneer Park ap Selebre Mwa Eritaj Ayisyen
Se tout mwa me ki se MWA ERITAJ AYISYEN. Direktris Sandra Oliver Moreau, ki se yon natifnatal ayisyen ankouraje selebrasyon kilti ak istwa peyi orijin li. Klike la a pou w gade videyo kote l ap pale de plizyè aktivite nan lekòl li.
Kisa w Kapab Fè Pandan Wikenn Long Nan?
Mize Atizay Norton nan West Palm Beach ap kontan resevwa timoun ki genyen mwens pase 12 ane ak pwofesè yo. Aprann konnen kèk aktivite amizan pou lafanmi nan mize a. Ap genyen yon ekspozisyon travay atizay elèv rive jiska 13 jen. Gade ekspozisyon an sou entènèt la a oswa planifye yon vizit anpèsòn.
Anons Prim Pwofesè ki Fèk Kòmanse ak Gid pou Ane 2021
Prim Pwofesè ki fèk kòmanse pou Ane a prezante bay pwofesè eksepsyonèl premye ane nan nivo Elemantè ak Segondè nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la chak ane. Gayan yo rekòmande pa direktè lekòl yo pou ekselans yo demontre. Klike la a pou w li plis.

Sit Pou Pran Vaksen San Randevou Disponib nan Lantana
Distri Swen Sante Rejyon Palm Beach ap bay vaksen Pfizer san randevou pou granmoun ak timoun ki gen 12 an oswa plis jiska dat 4 jen nan 1250 Southwinds Drive in Lantana, Lendi pou Vandredi, 9 a.m. pou 4 p.m. Klike la a pou plis enfòmasyon.
Suiv Medya Sosyal Kreyòl Distri a Pou Enfòmasyon
Suiv medya sosyal Kreyòl Distri a pou montre enpòtans lang Kreyòl Ayisyen ak nesesite pwogram bileng Kreyòl/Anglè nan distri a tankou pwogram Panyòl/Anglè yo. Gen TWITTER, FACEBOOK, INSTAGRAM. Suiv nou sou @PBCSDKreyol.