Madi 8 Septanm 2020
Lokal Lekòl yo ap Reouvri Lendi 21 Septanm
Ak Dekrè Gouvènè Ron DeSantis pou mete Rejyon Palm Beach la nan Faz 2 a, Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la pral reouvri lokal lekòl yo pou ansèyman anpèsòn lendi 21 septanm. (Klike la a pou w li plis)
Sonje Fè Chwa w pou Reouvèti Lekòl la
Paran, li enpòtan anpil pou ou fè nou konnen chwa ou pi vit ke ou kapab.

Manje Gratis pou Tout Moun
Apati jedi 10 septanm, manje ap gratis pou timoun rive jiska desanm, gras ak yon desizyon Depatman Agrikilti Etazini. Distribisyon manje ap kontinye nan lekòl nan distri a madi ak jedi ant 11:00 ak 1:00 pm, epi ant 1:00 ak 5:00 pm jiskaske lekòl yo reouvri.
Boynton Beach Fè Donasyon pou Wi-Fi pou Elèv
Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la resevwa resamman yon kontribisyon charitab $ 75,000 nan men vil Boynton Beach. Don sa a ki al jwenn Fondasyon Edikasyon nan Rejyon Palm Beach la pral sipòte plis pase 2,000 elèv ki bezwen aksè entènèt apati Wi-Fi. (Klike la a pou w li plis)
Bousdetid Gratis pou Gadri
Elèv Distri Lekòl Rejyon Palm Beach ki nan klas K-5 kalifye pou bous gratis pou gadri pou timoun gras ak lajan Komisyonè Rejyon Palm Beach bay nan Palm Beach County Youth Services nan Early Learning Coalition of Palm Beach County.

Pwotokòl pou Elèv akoz COVID-19
Distri a rekonèt paran ak responsab se alye esansyèl nan efò l pou li limite pwopagasyon COVID-19 nan lekòl yo, enkli bis lekòl yo. Distri a pral distribye enfòmasyon sou règleman sa a, enkli responsablite elèv ak fanmi, bay elèv ak fanmi yo atravè imèl, medya sosyal, ak sou sit entènèt li a.
Pwotokòl Pou Vizite Lekòl akoz COVID-19
Komite Direksyon Distri a tabli reglèman pou vizitè oswa nenpòt moun ki pa yon anplwaye oswa elèv distri a otorizasyon pou rantre nan yon lekòl oswa yon propriyete distri a, yon fason pou pwoteje sante, sekirite, ak byennèt elèv ak anplwaye nan mete n annakò ak pwotokòl sekirite distri a pou COVID-19 dapre gid CDC, eta a, ak otorite lokal yo.
Sonje ranpli RESANSMAN 2020 an avan 30 septanm. W ap jwenn kesyonè a sou entènèt nan: http://2020census.gov