Madi 15 Jen 2021
N ap Di Ane Lekòl la Babay
Vandredi 18 Jen se dènye jou lekòl. Nou remèsye tout elèv, fanmi yo, ak tout manm kominote a, pou angajman yo te pran pou fè wout la ansanm ak nou pandan ane espesyal sa a. Yon gwo konpliman pou pwomosyon gradye 2021 an. Nou swete tout moun yon bon vakans, ansante, pandan n ap amize nou.
Prepare w Pandan Vakans la
Fè aktivite pou w pa fè bak akademikman. Vizite paj sa a.


Kontinye devlope ladrès sosyal ak emosyonèl ak aktivite sa yo.

Men de twa konsèy pou elèv ki vle aplike pou travay pandan vakans la, oswa prepare pou rantre kolèj.
Distribisyon Manje Gratis Pandan Vakans la
Sèvis Manje Manje Lekòl la ap kontinye distribye manje gratis pandan vakans ete a apati madi 22 jen nan plizyè lokal. Y ap ajoute plis lokal lendi 28 jen. Tout sit ki gen lekòl pandan vakans oswa kan ete yo ap ouvri pou distribiye manje. Klike la a pou w li plis.
Rete Plas Pou Pwogram VPK Gratis Pandan Vakans la
Si oumenm oswa yon moun ou konnen genyen yon timoun 4 ane ki pa t nan VPK pandan ane lekòl sa a, timoun sa a kapab kalifye pou pwogram VPK gratis pandan vakans ete a ki ap kòmanse 24 Jen nan Village Academy nan Delray Beach.
Sonje Vaksinen Pitit ou pou Nouvo Ane Lekòl 2021-22 an
Bis Vaksinasyon Depatman Sante Rejyon Palm Beach la ap nan Sant Akèy Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la chak mèkredi pandan sezon ete a pou ede elèv jwenn vaksen yo bezwen pou prepare pou rantre lekòl pou ane 2021-2022 an. Klike la a pou w li plis.
Suiv Medya Sosyal Kreyòl Distri a Pou Enfòmasyon
Suiv medya sosyal Kreyòl Distri a pou montre enpòtans lang Kreyòl Ayisyen ak nesesite pwogram bileng Kreyòl/Anglè nan distri a tankou pwogram Panyòl/Anglè yo. Gen TWITTER, FACEBOOK, INSTAGRAM. Suiv nou sou @PBCSDKreyol.