13 Novanm 2023
Rankontre Finalis Ane Sa A Pou Selebre Anplwaye Eksepsyonèl Yo
 
Chak ane, Depatman Edikasyon Florid rekonèt anplwaye eksepsyonèl ki soti nan chak distri lekòl nan tout eta a. Distri a, ansanm ak Fondasyon Edikasyon nan Rejyon Palm Beach la, fyè pou prezante finalis pou Direktè, Asistan Direktè, Pwofesè, ak Anplwaye Sipò pou ane 2024 la.
 
Yo pral onore finalis yo pandan seremoni prim anyèl Celebrate the Great nan kòmansman ane 2024 nan Boynton Beach Culture and Arts Center. Gayan ki soti nan chak kategori yo ap patisipe nan pral patisipe nan pwogram rekonesans pou tout eta a. Komisyonè Edikasyon Florid la ap anonse tout ganyan 2024 yo nan chak kategori nan kòmansman ane 2024.
 
Pou Onore Ewo Nou Yo
Vandredi 10 novanm, Distri a te òganize evènman anyèl Jounen Veteran yo nan Sant Sèvis Edikasyonèl Fulton-Holland pou onore tout veteran Fòs Lame Etazini yo, ak sa ki kounye a ap sèvi elèv yo ak kominote a kòm manm Ekip Palm Beach la. Nou toujou rekonesan anpil pou ewoyis yo.
 
Distri Onore Semèn Edikasyon Olokos
Sivivan Olokos yo ak pitit Sivivan yo te pataje istwa yo ak 250 elèv nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach County la nan kad Semèn Edikasyon Olokos nan eta Florid. Se inSIGHT Through Education, Inc., ansanm ak Depatman Etid Olokos Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ki te prezante evènman sa a.
 
Remèsye Yon Pwofesè Kòm Pwofesè Semèn Nan
Taylor Allen Lashley se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Elemantè Pahokee. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a. Li resevwa yon chèk $250 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif pou ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li.

Mwa Patisipasyon Fanmi Nan Florid Nan Edikasyon Se Angajman Ak Sipò
Nan kad patisipasyon nan edikasyon, jij Rejyon Palm Beach yo te vizite Lekòl Elemantè South Olive pou li liv pou elèv yo epi reponn kesyon yo ki genyen rapò ak sistèm jidisyè peyi Etazini.
 

Sant Akèy Nan Zòn Glades Ap Ede Fanmi Yo
Enskri Pitit Yo Lekòl
Nan mwa septanm 2023 a, Sant Akèy Rejyon Palm Beach la te lanse Inisyativ Glades an repons a enkyetid elèv ki nan zòn nan genyen akoz difikilte pou enskri lekòl. Sant Akèy la konsantre sou sèvi fanmi nan zòn lwès la, ki gen ladan l Belle Glade, Pahokee, Loxahatchee, ak Acreage.