Gade Cho Televizyon Nou "Enfòme W" Pou Semèn Sa a!
"Enfòme w" se vèsyon videyo bilten enfòmasyon nou chak semèn.
Nan emisyon sa a n ap pale de Semèn Nasyonal Sekirite Bis Lekòl.
Suiv Kijan Santim Ou Ap Depanse nan SDPBC
Elèv ak anplwaye nan tout distri a ap wè rezilta travay lajan taks referandòm 2016 la ap reyalize nan bèl penti, glasi klere, bèl limyè, nouvo mèb, sistèm èkondisyone modèn, ak anpil lòt renovasyon ankò.
18 Elèv nan Lekòl Segondè Palm Beach Lakes nan pwogram Akademi Syans Ponpye jwenn aksè ak ekipman pwofesyonèl pou pran trening nan Palm Beach State College.
Youn nan sa Veronica Johnson renmen nan anseye mizik nan Lekòl Mwayen Crestwood nan Royal Palm Beach se lè li wè kijan sa ede ini moun. Pwofesè ak elèv yo mete ansanm pou nonmen li kòm Pwofesè pou Semèn nan. Klike la a pou gade.
Komite Sosyal Miami Dolphins angaje l nan yon efò pou ede plis pase 25,000 elèv jwenn aksè ak Wi-Fi gratis lakay yo. Semèn sa a yon gwoup jwè te vin ede konfigire aparèy ekstansyon yo ke òganizasyon an te bay kòm donasyon.
Koral Lekòl Segondè Forest Hill Pral Pèfòme New York
Òganizasyon First Serve bay elèv Lekòl Segondè Forest Hill yon donasyon sipriz $25,000 ki ap ede yo ale New York pou patisipe nan prezantasyon Radio City Music Hall pou Nwèl la.
15 Oktòb se dènye jou Mwa Eritaj Panyòl. Lekòl nan Distri Rejyon Palm Beach te òganize yon varyete evènman, aktivite, ak leson pou selebre kilti Panyòl ak valorize elèv yo.
Dirijan Distri yo te patisipe nan selebrasyon nan kominote a.