Vandredi 8 Janvye 2021
Mesaj Sipèentandan Doktè Donald E. Fennoy II

Chak vandredi Sipèentandan Doktè Donald E. Fennoy II ap fè w konnen sa k ap pase nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la.


Pousantaj Gradyasyon PBCSD monte 94.4%

Pousantaj gradyasyon pwomosyon 2020 nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la opere monte a 94.4%, selon Depatman Edikasyon Florid. Pousantaj sa a reprezante yon ogmantasyon parapò ak pousantaj ane 2019 la ki te 91.6%. Pousantaj sa a kontinye pi wo pase mwayèn pou tout eta a ki se 90%. Klike la a pou w li plis.


Elèv nan Distri a sou Lis pou Bousdetid $40,000

Jasmine Calderon yon elèv klas 12yèm nan Lekòl Segondè Pahokee se youn nan 12 finalis pou bousdetid Take Stock in Children Leaders for Life pou eta Florid la.

Vizit Istorik Bay Bon
Eksperyans Akademik

Timoun ak granmoun tout laj kapab fè gwo eksperyans akademik nan vizite The Charlie Pierce History Trail Experience ki ap fè yo dekouvri istwa Barefoot Mailman Charlie Pierce, youn nan faktè peyi Etazini ki te kouvri zòn ant Palm Beach ak Miami. Klike la a pou w gade videyo a...

Pou Jou Nasyonal Apresyasyon Polis yo ki se 9 janvye, nou rekonesan pou plis pase 280 Ofisye Polis Lekòl Rejyon Palm Beach nou yo ki ap travay di chak jou pou kenbe elèv nou yo, anplwaye yo, ak kanpis yo an sekirite. Klike la a pou w gade videyo a...

Suiv @pbcsdkreyol sou Facebook, Twitter, ak Instagram pou jwenn mizajou
nouvèl an Kreyòl.