Vandredi 14 Avril 2023

Li nan Depatman Antretyen Ak Operasyon
 
Nan epizòd sa a, Sipèentandan Mike Burke ap aprann kèk nouvo ladrès pandan l ap fè pratik ak yon anplwaye Distri a nan Depatman Antretyen ak Operasyon, Rick Hubert. Ekip la ap repare imnazyòm Lekòl Segondè Palm Beach Gardens!
 
Èske w enterese nan yon karyè nan Depatman Antretyen ak Operasyon distri a? Antre nan ekip la! Klike la a pou w wè tout pozisyon ki disponib epi aplike sou entènèt jodi a.
Bito David nan emisyon “ENFÒME W” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach ap resevwa kòm envite Doktè Carline Prophete ki pral pote enfòmasyon pou paran sou Enskripyon Doub yo rele nan lang anglè Dual Enrollment.
  • Kisa Enskripsyon Doub Ye
  • Ki avantaj li
  • Ki elèv ki kalifye

Nou Kontan Akeyi Pitit Ou Nan Distri Nivo A Nou An
 
Semèn sa a, Reyinyon Enfòmasyon Pou Enskri Elèv nan Jadendanfan te fèt nan tout Distri a, ki te bay paran/responsab ak timoun yo opòtinite pou yo rankontre pèsonèl lekòl yo ak pwofesè yo, aprann sou kourikoulòm jadendanfan an, konprann kijan yo pral akeyi ak nouri pitit yo, epi fè konesans ak pwogram lekòl yo. ak sèvis yo.
 

Remèsye Yon Pwofesè

Aly Van Valkenburg se pwofesè ki genyen pri 'Remèsye Yon Pwofesè Pou Semèn Nan'. Li se yon pwofesè nan Lekòl Elemantè Diamond View. Inisyativ sa a rekonèt chak semèn yon pwofesè ke elèv, paran, ak estaf anplwaye nonmen pou devouman li, pwofesyonalis li, ak jan li genyen enpak pozitif sou elèv. Paran, sonje vote pou pwofesè ou konsidere ki merite rekonesans sa a. Klike la a pou w gade videyo a.
Konkou Disètasyon Mwa Eritaj Ayisyen

Ane sa a yon fwa ankò pou mwa Me a ap genyen Konkou Disètasyon Mwa Eritaj Ayisyen an pou elèv lekòl segondè yo. Se yon patwonaj Gaskov Clergé Foundation, Educa Vision Inc., Triple VMC Global Services, ak lòt patnè biznis. Ankouraje pitit ou patisipe.
Pwomosyon 2036 la Ap Enskri Nan Jadendanfan
 
Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la lanse yon inisyativ fèk parèt pou asire elèv yo enskri epi pare pou kòmanse karyè yo nan lekòl primè pandan semèn sa a. Done yo montre sèlman apeprè mwatye elèv nan Rejyon Palm Beach te pare lè yon te rantre nan jadendanfan ane lekòl sa a. Pandan aktivite sa a, fanmi yo te aprann sou youn nan pi gwo tranzisyon nan lavi pitit yo: kòmanse klas jadendanfan. Nan okazyon an, elèv yo te resevwa twous aprantisaj espesyal pandan paran/responsab yo te gen opòtinite pou vizite klas yo ak kanpis yo, epi yo te aprann ki konpetans akademik ak sosyal timoun yo dwe genyen pou antre nan jadendanfan ak sa yo pral reyalize pandan ane a.
 
Enskripsyon kindergarten toujou disponib anpèsòn nan lekòl pitit ou a ak sou Entènèt! Klike la a pou aprann plis sou enskripsyon nan jadendanfan pou ane eskolè 2023-2024 la.
 

Suiv @PBCSDKreyol sou Facebook, Twitter, ak Instagram pou jwenn mizajou
nouvèl nan lang Kreyòl Ayisyen.
Koneksyon Edikasyon Se Vwa Kreyòl Distri A Sou Radyo

Sonje Distri Lekòl Rejyon Palm Beach prezante KONEKSYON EDIKASYON. Koneksyon Edikasyon se vwa Kreyòl Distri a pou pote enfòmasyon pou paran ayisyen ak tout kominote a sou sa k ap pase nan lekòl yo ak nan distri a. Tout sa w bezwen konnen sou Distri Lekòl Rejyon Palm Beach pou w pi byen patisipe nan edikasyon pitit ou
w ap tande l sou frekans
980 AM Radio Haiti Amérique Internationale jedi a 5:30 nan apremidi.