Madi 14 Avril 2020
3yèm Semèn: Pran Avantaj de Aprantisay Adistans la
Nou ankouraje elèv pou tcheke paj entènèt yo pou chanjman ki kapab genyen nan devwa yo gen pou fè. W ap jwenn sipò akademik nan men pwofesè w oswa nan leson sou televizyon. Sistèm bibliyotèk rejyon Palm Beach la ofri èd ak devwa. Kreye yon kont gratis sou tutor.com.
Pataje ak Nou Foto Kote Pitit ou Ap Aprann Adistans Sou Konpitè li
Nou tchalenj ou pou w montre foto kote pitit ou ap travay adistans pandan li lakay li pou nou onore l sou paj Twitter ak Facebook nou. Pandan w sou Twitter, voye yon tweet epi tag nou foto pitit ou k ap travay nan @PBCSDKreyol . Suiv paj sa a tou.
Chanjman nan Orè Distribisyon Manje Apati 13 Avril
Depi yè y ap bay manje nan 35 lokal lendi, mèkredi, ak vandredi. Chak jou ou ale w ap kapab pran manje pou de jou. Y ap kenbe menm regleman yo pou distans sosyal la epi paran pa bezwen vin ak timoun yo depi yo pote yon idantifikasyon.
Orè Difizyon Leson Ki Anrejistre Sou Televizyon
Rezo Edikasyon an (TEN) anrejistre leson sou Comcast kanal 234, AT&T U-verse kanal 99, ak kanal 12.2 (CBS 12's subchannel).

Sistèm Bibliyotèk Konte a Ap Ede Elèv Jwenn Leson Patikilye Gratis Sou Entènèt
Sistèm Bibliyotèk Rejyon Palm Beach la ap ofri elèv yon sèvis leson patikilye GRATIS pou ede yo nan travay lekòl yo. Elèv yo ap bezwen yon kat bibliyotèk aktif pou itilize ak jwenn sèvis la. (Klike la a pou w li plis)
JWENN KONEKSYON WIFI GRATIS GRAS AK XFINITY
Comcast ouvri rezo Xfinity li a nan tout peyi a GRATIS pou de mwa akoz kriz Coronavirs la. Sa ap ede elèv ki pa gen Wifi lakay yo jwenn koneksyon pou enstriksyon sou entènèt.

W ap jwenn plis enfòmasyon sou: internetessentials.com .
NIMEWO ENPÒTAN DISTRI A

Transpòtasyon......................561-357-1110

Operatè Telefòn....................561-434-8000

Pwogram Ochwa..................561-434-8755

Depatman ESE......................561-434-8740

Pwogram Apre Lekòl............561-687-6387

Biwo Sipèentandan..............561-629-8599

Komite Direksyon...................561-357-766