Chak vandredi Sipèentandan Doktè Donald E. Fennoy II ap fè w konnen sa k ap pase nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la.
Nan non Komite Direksyon Distri a, ak tout anplwaye ki ap travay pou Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la, mèsi pou sipò inebranlab ou bay elèv nou yo ak anplwaye nou yo. Toujou sonje Lekòl piblik nivo A nou an se pi bon chwa w pou edikasyon pitit ou.
Sant Dwa Moun FAU Rekonèt Pwofesè Distri a pou Ekselans nan Edikasyon Olokòs
Amanda Ladd nan Lekòl Mwayen Eagles Landing ak Susan Prieto nan Lekòl Elemantè Equestrian Trails onore akoz yo ap ranfòse santiman sitwayènte mondyal lakay elèv yo ak kapasite pou kenbe diyite tout moun atravè ansèyman Olokòs la. Klike la a pou w li plis.
Leson Jantiyès Apati
Biznis Elèv
Elèv nan Akademi Ospitalite nan Lekòl Segondè Olympic Heights lanse yon biznis vann ti sak pou kenbe mas figi ak lòt ekipman pwoteksyon pèsonèl.
Elèv yo ap fè don charitab ak yon pati nan lajan yo kolekte yo.
Kolaborasyon Minisipal ap Ede Elèv Jwenn Koneksyon Entènèt
Se yon Fason pou Tabli bon Koneksyon
Doktè Fennoy bay yon konferans ansanm ak dirijan Rejyon Palm Beach ak vil Lake Worth Beach pou pale sou rezo Wi-Fi ki pral bay entènèt gratis pou plis pase 25,000 elèv. Klike la a pou videyo a...
Inisyativ Distri a pou bay tout elèv aksè nan entènèt a gran vitès epi gratis nan kay yo rete diskite nan Bilten Inisyativ Enklizyon Dijital mwa sa a. Vizite paj sa a pou plis enfòmasyon.
Aktivite "Remèsye yon Pwofesè: An Toune" semèn sa a te nan Lekòl Mwayen Independence. J. Christine Murray, Gloria Borjas, ak Jennifer Linquist resevwa anpil gratitid nan men elèv, paran, ak administratè yo. Klike la a pou w gade...